Chèche Èd (Kreyòl Ayisyen)

Kijan ICAN kapab ede mwen?

  • Nou kapab reponn kesyon ou yo ki gen pou wè ak Medicare, Medicaid, swen sante pou anpil tan (pa egzanp, swen sante lakay ou oswa swen sante nan mezon retrèt), ak plan swen sante kontwole ou.
  • Nou kapab ede ou rezoud pwoblèm yo avèk plan swen sante kontwole ou oswa avèk pwofesyonèl swen sante ou yo, tankou doktè, lopital, ak famasi. Pa egzanp, nou kapab ede ou fè plent oswa kontestasyon.

Kimoun ICAN kapab ede?

  • Nou ede nenpòt moun ki nan plan swen kontwole Medicaid ki bezwen sèvis swen sante pou anpil tan (tankou èd nan kay, swen lajounen pou adilt, oswa mezon retrèt).
  • Nou ede moun ki aplike pou Medicaid tou epi ki bezwen èd pou yo enskri nan yon Swen Kontwole pou Anpil Tan (Managed Long-Term Care, MLTC) oswa Swen Kontwole Medicaid (Medicaid Managed Care, MMC).
  • Nou kapab pale avèk zanmi, manm fanmi, ak nenpòt lòt moun kap ede moun avèk desizyon medikal yo.