Search Resources:

Kijan pou m antre nan MLTC? (How Do I Join MLTC? – Haitian Creole)

Atik sa a baze sou yon bwochi ki bay pwosedi etap pa etap pou enskri nan MLTC. Ou kapab li l sou entènèt la oubyen telechaje li nan vèsyon sa a ke ou ka enprime: Kijan pou m antre nan MLTC? – Printable Brochure (Haitian Creole)

Kijan pou w itilize bwochi sila

Bwochi sila eksplike etap pou w suiv pou w anrejistre nan MLTC.

Gade bwochi nou an “Kisa MLTC ye?” pou w aprann piplis sou MLTC.

Ikòn telefònSi genyen nenpòt bagay ke w pa konprann oubyen si w vle plis enfòmasyon sou yon bagay, ou ka toujou rele ICAN nan (844) 614-8800.

Tab Matyè

Kisa MLTC ye?
Kijan pou m antre nan MLTC?
1. Aplike pou Medicaid
2. Evalyasyon ki San Konfli
3. Ki kalte plan?
4. Chwazi plan w lan.
5. Anrejistre.
Kijan pou m jwenn sèvis atravè plan MLTC mwen an?
Fason pou rezoud pwoblèm yo avèk plan MLTC w lan
ICAN ka ede.

Kisa MLTC ye?

MLTC se akwonim pou Managed Long Term Care (Swen Kontwole Alontèm).

Swen alontèm vle di sèvis ki ede w avèk aktivite ou fè toulejou. Tankou oksilyè swen adomisil, pwogram swen lajounen, ak mezon enfimri. Ou ka bezwen sèvis swen alontèm si w bezwen yon lòt moun ki pou ede w pwòpte kay ou, abiye w, oswa benyen w.

Pifò Nouyòkè ki bezwen swen alontèm resevwa l atravè Medicaid. Epi pifò moun ki gen Medicaid fèt pou resevwa swen alontèm yo atravè yon pwogram MLTC.

“M” ki nan MLTC a vle di “managed” (kontwole). “MLTC” se yon tip asirans sante ke yo rele swen kontwole. Sa vle di si pou Medicaid peye pou swen alontèm ou, ou fèt pou antre nan yon plan asirans sante konpayi prive ofri. Medicaid peye konpayi sa yo pou yo bay manm li yo swen alontèm.

Asirans sante yo peye pou swen medikal tankou doktè, lopital ak medikaman yo. Men pifò asirans yo pa peye pou swen alontèm.

Imaj swen alontèm

Pou w aprann plis konsènan sèvis swen alontèm nou yo, li ti liv nou an Kisa ki MLTC a?, li disponib sou entènèt nan https://icannys.org/icanlibrary/mltc-haitiancreole/, oswa rele 844-614-8800.

Kijan pou m antre nan MLTC?

Si w pa gen Medicare, kidonk ou pa bezwen antre nan MLTC. Annik rele plan Medicaid ou a pou w mande sèvis swen alontèm.

Men si w gen Medicare, gen senk etap pou w chwazi pou w antre nan yon plan MLTC:

1. Aplike pou Medicaid

Ou ka antre nan yon plan MLTC sèlman si w gen asirans sante Medicaid. Premye sa pou fè se aplike pou Community Medicaid nan Depatman Sèvis Sosyal (Department of Social Services) lokal ou a. Ou ka jwenn Depatman Sèvis Sosyal ou a nan sit entènèt sa a: http://www.health.ny.gov/health_care/medicaid/ldss.htm

W ap bezwen ranpli yon fòm aplikasyon epi w ap gen pou w bay kopi dokiman yo.

W ap gen pou w bay pyès idantifikasyon ak prèv ki montre salè w ak byen w posede.

Yo ka pran jiska 45 jou anvan yo pran yon desizyon.

Ikòn fòmilè aplikasyon an

Aplike pou Medicaid kapab konplike. Gen pwogram nan pifò konte yo ki ka ede w ranpli epi soumèt aplikasyon Medicaid la. Chèche konte w la nan lis sa epi rele nimewo yo ba w la pou w jwenn èd pou w aplike.

Konte Òganizasyon Telefòn
New York City Public Health Solutions 646-619-6759
Nassau, Suffolk Nassau-Suffolk Hospital Council 631-656-9783
Orange, Putnam, Rockland, Westchester Westchester Disabled On the Move 914-968-4717
Allegany, Cattaraugus, Clinton, Erie, Essex, Genesee, Niagara, Orleans, Wyoming Western NY Independent Living 716-836-0822
Duchess, Sullivan, Ulster Community Service Society 866-614-5400
Livingston, Monroe Coordinated Care Services 585-613-7662
Cayuga, Herkimer, Madison, Oneida, Onondaga, Oswego ACR Health 315-475-2430
Albany, Saratoga, Schenectady, Schoharie Healthy Capital District Initiative 518-462-1459
Broome, Chenango, Cortland, Delaware, Otsego, Tioga, Tompkins Southern Tier Independence Center 607-724-2111
Chautauqua Southwestern Independent Living Center 716-661-3010
Franklin, Jefferson, Lewis, St. Lawrence Massena Independence Living Center 315-764-9442
Chemung, Ontario, Schuyler, Seneca, Steuben, Wayne, Yates Finger Lakes Community Health 800-346-2211
Fulton, Hamilton, Montgomery, Warren, Washington Southern Adirondack Independent Living Center 518-792-3537
Columbia, Greene, Rensselaer Independent Living Center of the Hudson Valley 518-274-0701

Si konte w la pa nan lis la, ou kapab kontakte Sèvis Depatman Lokal ou a (Local Department of Social Services, LDSS) pou w aplike pou Medicaid. Rele nan 800-541-2831 pou w jwenn kontak LDSS ou a.

2. Evalyasyon ki San Konfli

Pwochen etap la se pou mande Medicaid si w bezwen yo ede w pou antre nan yon plan MLTC.

MLTC pa pou tout moun. Menm si w deja gen Medicaid, ou ka antre nan MLTC, men se sèlman si w bezwen yo ede w avèk aktivite w fè toulejou yo. Pou Medicaid ka deside si w ka antre nan MLTC, l ap voye yon enfimyè rankontre avè w lakay ou. Sa rele yon evalyasyon.

Remak: Akoz pandemi an, yo ka fè evalyasyon sa yo konnya atravè telefòn oswa videyo.

Ou ka pran yon randevou pou yo fè evalyasyon an pou ou, annik rele nan 855-222-8350. Enfimyè sa se yon enfimyè kap soti nan Conflict Free Evaluation and Enrollment Center (Sant Evalyasyon San Konfli ak Anrejistreman), se Leta Nouyòk ki jere sa.

Sant san Konfli a ka fè evalyasyon an anvan menm Medicaid apwouve aplikasyon w lan.

Jou randevou w la, enfimyè a pral vin lakay ou oswa l ap rele w epi l ap poze w yon lis kesyon estanda. Enfimyè a ap poze w kesyon sou kondisyon medikal ou, sou sentòm ou, kijan w ranpli aktivite ou fè chak jou yo, ak lòt bagay ankò. Ou ka mande yon zanmi oswa yon manm fanmi pou l prezan lè enfimyè a ap vini an. Evalyasyon an ka pran jiska 3 zèdtan.

Lè vizit la fini, enfimyè a ap fè w konnen tousuit si w apwouve pou antre nan MLTC. Sant san Konfli a ap voye yon lèt pou ou tou ki di ke yo apwouve w. Si enfimyè a di non, ou ap resevwa yon lèt pa lapòs epi wap gen chans pou esplike pouki enfimyè a pat gen rezon. Si w pa dakò ak desizyon an, ou ka mande yon Odyans Medicaid san Patipri. Yon Odyans san Patipri se yon chans ou genyen pou w esplike a yon jij poukisa w panse ke desizyon enfimyè a pa fonde. Si w genyen, Medicaid ap kite w anrejistre nan MLTC a.

imaj vizit enfimyè adomisil avèk kesyonè

3. Ki kalite plan?

Yon fwa evalyasyon San Konfli a fin apwouve w, ou pare pou antre nan yon plan. Men dabò ou fèt pou chwazi ki kalte plan ou vle. Ou ka itilize ti liv “Kisa MLTC ye?” a pou ede w deside ki kalte plan ki bon pou ou.

Gen kèk plan ki pa disponib nan tout konte yo. Rele ICAN pou ka konn ki dènye lis plan ki disponib pou konte w la.

Imaj swen alontèm

Pou w aprann plis konsènan chwa plan yo, li ti liv nou an Kisa ki MLTC a?, li disponib sou entènèt nan https://icannys.org/icanlibrary/mltc-haitiancreole/, oswa rele 844-614-8800.

Ki kalite plan MLTC ki genyen?

Gen sis kalte asirans sante Medicaid diferan ki gen swen alontèm. Pou konn kilès ki bon pou ou, sa pral depann de si w gen Medicare tou.

Si w gen Medicaid men w pa gen Medicare, nan ka sa li pwobab pou w nan yonn nan plan sa yo Plan Swen Jeneral Medicaid ki Kontwole a (Mainstream Medicaid Managed Care plan, MMC) oswa Plan Sante ak Retablisman an (Health And Recovery Plan, HARP). Ou ka jwenn sèvis swen alontèm atravè MMC oswa HARP ou an. Ou pa bezwen antre nan MLTC. Rès ti liv sa pa koresponn ak ou. Rele ICAN si w bezwen èd pou w jwenn swen alontèm atravè plan ou an.

Si w gen Medicare ak Medicaid, nan ka sa ou ka chwazi swa pou w jwenn tout sèvis ou yo atravè menm plan an, oswa pou w gen yon plan MLTC ki separe ak Medicare ou a.

Si w ta renmen kenbe Medicare ak Medicaid ou an apa, ou kapab antre nan yon plan Medicaid MLTC.

Si w ta renmen gen yon plan ki gen tout plan swen medikal ou ak swen alontèm, ou ka chwazi pami twa kalte plan:

  • PACE
  • MAP, oswa
  • FIDA-IDD.**

Chak kalte plan ka kouvri yon seri sèvis diferan. Men tout plan ki nan menm kategori yo dwe kouvri menm kalte sèvis.

** FIDA-IDD se sèlman pou moun ki gen andikap entèlektyèl oswa devlòpmantal. Pou w aprann plis sou opsyon sa, gade ti liv nou an “Yon Plan Pou Mwen: FIDA-IDD,” li disponib nan https://icannys.org/icanlibrary/fida-idd-haitiancreole/

4. Chwazi plan w lan.

Yon fwa yo fin apwouve w pou Medicaid ak MLTC, ou fèt pou rele yon plan pou ka konnen si li bon pou ou. Men kèk kesyon w dwe poze ki pou ede w deside:

  • Konbyen èdtan sèvis oksilyè adomisil m ap genyen?
  • Ki lòt sèvis yap ban mwen?
  • Èske map kapab kenbe moun kap ede m aktyèlman an?
  • Èske m ka kontwole pwòp swen mwen?***
  • Èske map kapab resevwa swen lakay mwen, oswa èske se nan etablisman swen enfimyè a sèlman?
  • Èske y ap kouvri doktè pou dan mwen, pou pye mwen, pou zòrèy mwen ak pou zye mwen?
  • Èske yap kouvri doktè m, lopital mwen, ak medikaman m? (Sèlman pou PACE, MAP, ak FIDA-IDD)
*** MLTC gen yon sèvis ke yo rele Pwogram Asistans Pèsonèl ke Konsomatè a Dirije (Consumer Directed Personal Assistance Program, CDPAP), kote ou ka chwazi pwòp moun pou ki ede w olye w itilize yon ajans swen adomisil.

Pou reponn a kesyon sa yo, plan an pral bezwen voye yon lòt enfimyè lakay ou pou evalye w.

Yo oblije gen vizit enfimyè a menm si w te deja resevwa vizit enfimyè nan Sant San Konfli a.

Remak: Pwosesis sa ap chanje nan yon ti tan ki pa twò long. Plan yo pa p fè evalyasyon enfimyè sa yo ankò. Olye de sa, plan an ap itilize evalyasyon Sant san Konfli an (gade nan paj 9). Sa vle di w ap bezwen sèlman yon sèl evalyasyon enfimyè pou w anrejistre, olye de de.

Ou ka mande yon zanmi oswa yon fanmi pou l la pandan evalyasyon sa. Ou ka poze kesyon epi w ka di enfimyè a tout sa ou vle konsènan sa w bezwen. Anvan enfimyè a ale, pa bliye mande l ki sèvis ak konbyen èdtan plan an ap apwouve. Si w renmen plan sa a, ou ka antre ladann tousuit.

Ou pa bezwen antre nan premye plan ki te vin vizite w la. Ou ka rele yon lòt plan pou mande yo vin fè yon evalyasyon. Ou fèt pou chwazi plan kap ba w sèvis ou bezwen yo e sa ou pi renmen an.

Imaj yon evalyasyon enfimyè adomisil avèk kesyonè ak fòmilè enskripsyon

5. Anrejistre.

Yon fwa w chwazi plan ki reponn a sa w bezwen yo, ou ka anrejistre atravè yon fòmilè anrejistreman ke w ap gen pou w siyen nan plan an.

Si ou anrejistre disi le 20 nan mwa a, sèvis ou yo ap kòmanse le 1ye nan mwa pwochen an. Si w anrejistre apre dat le 20 nan mwa a, sèvis ou yo p ap kòmanse pazavan mwa pwochen an.

Tout pwosedi a, kòmanse nan anrejistre pou Medicaid jouk rive nan anrejistre nan yon plan, ka pran apeprè 3 mwa.

Si w bezwen sèvis swen adomisil pi rapid, li posib pou Sèvis Sosyal Depatman lokal ou a apwouve yo pou ou olye de MLTC. Yo rele sa bezwen swen adomisil tousuit. Si yo apwouve l, sèvis sa yo la sèlman pou yon ti kras tan. Nan kèk mwa, w ap gen bezwen pou w antre nan MLTC. Rele ICAN pou w aprann plis sou opsyon sa.

Pwosede sa a ka difisil, donk tanpri rele ICAN pou l ede w: (844) 614-8800.

Ou kapab rele koutye ki la pou anrejistreman an tou, NY Medicaid Choice, nan (888) 401-6582.

Kijan pou m jwenn sèvis atravè plan MLTC mwen an?

Yon fwa ou anrejistre nan MLTC, y ap ba w yon responsab swen.

Responsab swen w lan ap rele w chak mwa pou l asire l ou resevwa sèvis ou bezwen yo. Y ap rann ou vizit lakay ou chak sis a douz mwa.

Si w vle yon nouvo sèvis, oswa ou vle yo ba w plis nan yon sèvis ou deja genyen, ou fèt pou rele responsab swen w lan. Yo rele sa otorizasyon sèvis.

Lè w mande pou yo ba w yon otorizasyon sèvis, plan MLTC ou a fèt pou l voye yon avi alekri konsènan desizyon yo sou 14 jou.****

Imaj yon apèl telefonik avèk responsab swen an

**** Sa ap fèt byen rapid selon si kondisyon w lan mande sa, oswa sou 3 jou apatide lè yo resevwa tout enfòmasyon nesesè, men sa pap pran plis ke 14 jou.

Fason pou rezoud pwoblèm yo avèk plan MLTC w lanquestions icon

Responsab swen w lan ta dwe kapab ede w rezoud pifò pwoblèm ou ka genyen avèk swen w lan.

Men si w pa renmen yon desizyon plan MLTC a pran, ou ka mande pou yo pran yon desizyon ki diferan. Sa rele yon apèl.

Si plan MLTC w la poze yon aksyon konsènan sèvis ou yo, ou gen dwa pou yo ba ou yon avi alekri epi ou gen dwa fè yon apèl poutèt aksyon sa a.

Gen plizyè fason diferan pou fè yon apèl, toudepann de ki kalite plan ou genyen epi ki kalite pwoblèm ou genyen.

Règ pou jere apèl MLTC yo trè konplike. Si plan MLTC w la te pran yon desizyon sou swen w ap resevwa a epi w pa dakò avèk li, rele ICAN.

ICAN ka ede w deside si pou w fè demann pou apèl la, epi si w vle, nou ka menm ba w yon avoka nan kèk ka.

Epitou ou ka pote plent poutèt moun k ap jere swen w lan oswa poutèt kalite swen ou resevwa yo. Yo rele sa yon dòleyans.

ICAN ka ede ou

Nou ka:

  • Reponn kesyon w genyen konsènan plan Swen Kontwole Alontèm yo.
  • Ba w konsèy sou opsyon pou plan w yo.
  • Ede w anrejistre nan yon plan MLTC.
  • Idantifye ak rezoud pwoblèm ki lye ak plan w lan.
  • Nou ka ede w konprann dwa w yo.
  • Ede w soumèt plent ak/oswa dòleyans si w pa kontan avèk plan aksyon yon plan.
  • Nou ka ede w fè apèl poutèt yon aksyon ou pa dakò.

Rele nan 844-614-8800.

Si w soud oswa bèbè, ou ka rele 711 pou itilize Sèvis Relè NY la.

Imèl ICAN@cssny.org

ICAN ka ede ou.

Imaj ki montre diferan fason ICAN kapab ede: nan telefòn, sou papye, an pèsòn, epi nan rankont, nan bay eksplikasyon, ak nan fè tradiksyon.

Translations :

Downloads :

Kijan pou m antre nan MLTC? - Printable Brochure (Haitian Creole)