Search Resources:

Yon Plan pou Mwen: FIDA-IDD (A Plan for Me: FIDA-IDD – Haitian Creole)

Atik sa a baze sou yon bwochi konsènan plan Avantaj Doub Konplètman Entegre pou Moun ki gen Andikap Entelektyèl ak Devlopmantal nan New York (New York’s Fully Integrated Duals Advantage for Individuals with Intellectual and Developmental Disabilities, FIDA -IDD). Ou kapab li l sou entènèt la oubyen telechaje li nan vèsyon sa a ke ou ka enprime: Yon Plan pou Mwen – Printable Brochure (Haitian Creole)

Men kijan pou w itilize bwochi sa a

Ou mèt li bwochi sa a depi nan kòmansman si ou pa konnen kisa FIDA-IDD ye. Ou ka itilize Tabmatyè a tou pou al dwat nan kesyon ki konsène w lan.

Ikòn telefònSi gen yon bagay ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou li oswa gen yon bagay ou pa konprann, ou ka toujou rele ICAN nan (844) 614-8800.

Tabmatyè

Kisa FIDA-IDD a ye?
Poukisa pou ta anrejistre nan FIDA-IDD?
Nan ki sans FIDA-IDD pa menm ak sa m gen kounyeya?
Ki sèvis FIDA-IDD kouvri?
Ekip swen w lan nan FIDA-IDD
Kiyès ki kapab anrejistre nan FIDA-IDD?
Èske FIDA-IDD bon pou mwen?
Kijan pou m anrejistre nan FIDA-IDD?
Kisa ki pral rive apre m fin anrejistre nan plan an?
ICAN ka ede ou.


Kisa FIDA-IDD a ye?

Imaj kat manm pou Avantaj Doub Konplètman Entegre pou Moun ki gen Andikap Entelektyèl ak Devlopmantal (Fully Integrated Duals Advantage for Individuals with Intellectual and Developmental Disabilities, FIDA -IDD)

FIDA-IDD kouvri swen medikal prensipal, plis sèvis ak sipò alontèm, sèvis OPWDD, sèvis sante konpòtmantal ak benefis pou famasi nan yon sèl plan.

Imaj swen medikal, swen alontèm, sèvis OPWDD, sèvis sante konpòtmantal, ak avantaj famasi

FIDA-IDD vle di Avantaj Doub ki Konplètman Entegre pou moun ki gen Andikap Entèlektyèl ak Twoub nan Devlopman (Fully Integrated Duals Advantage for Individuals with Intellectual and Developmental Disabilities).

FIDA-IDD se yon plan sante ki entegre benefis Medicare ansanm ak Medicaid epi ki bay tout kowòdinasyon swen yo nan yon sèl plan.

FIDA-IDD se sèlman pou moun ki gen toude Medicare ak Medicaid.

FIDA-IDD se yon mwayen pou resevwa tout swen medikal ak sèvis epi sipò alontèm yo atravè yon sèl plan asirans sante.

FIDA-IDD kouvri tout sèvis w ap resevwa kounye a yo.


Poukisa pou ta anrejistre nan FIDA-IDD?

Moun ki gen Medicare ak Medicaid gen plizyè kalite asirans diferan ki kouvri anpil bagay diferan pou yo.

Poutèt sa, pafwa moun ki gen Medicare ak Medicaid konn gen difikilte pou yo resevwa bon kalite swen sante. Kèk nan rezon yo se paske:

  • Li ka difisil pou jere diferan plan asirans yo.
  • Pafwa doktè ak pwofesyonèl swen sante yo pa pale youn ak lòt. Poutèt sa, yo ka fè tès ak pwosedi ki pa menm nesesè.
  • Si w gen pwoblèm avèk asirans sante w, li ka difisil pou konnen kiyès pou rele.
  • Menm avèk Medicare ak Medicaid, pafwa ou oblije peye pou sèvis yo.

Avèk FIDA-IDD, avantaj yo pi bon lontan pase sa.

Avèk FIDA-IDD, w ap gen yon sèl plan ki ranplase tout kalite asirans diferan sa yo. Si ou anrejistre nan FIDA-IDD, w ap toujou gen aksè ak menm kalite sèvis w ap resevwa kounye a.

Ranplase plizyè plan ak pwogram avèk yon sèl plan FIDA-IDD.

Pa egzanp, ou ka gen:

  • Original Medicare (kat wouj, blan ak ble w la) pou vizite doktè ak ale nan lopital.
  • Ou gen yon plan Medicare Pati D tou pou medikaman sou preskripsyon yo.
  • Gen kèk moun ki gen yon plan Medicare Advantage ki kouvri sèvis doktè, lopital, ak medikaman pou yo.
  • Ou ka resevwa sèvis pou twoub nan twoub nan devlopman yo tou atravè Biwo pou Moun ki Gen Twoub nan Devlopman (Office for People With Developmental Disabilities, OPWDD).
  • Epi apresa Medicaid la pou kouvri kèlkeswa sa ki rete a.

Sa se anpil kalite pwogram ak kouvèti swen sante diferan!

Imaj ki montre kijan yon plan FIDA-IDD ranplase plizyè diferan plan ak pwogram


Nan ki sans FIDA-IDD pa menm ak sa m gen kounyeya?

Imaj yon Ekip Entèdisiplinè ki konpoze ak oumenm, responsab swen ou, epi ak pwofesyonèl ki ba w sèvis yo
Avèk sèlman yon grenn kat asirans.

Ou p ap bezwen itilize kat Medicare ak Medicaid ou a ankò.

FIDA-IDD a gen yon rezo ki gen pwofesyonèl pou swen sante ak twoub nan devlopman ke w kapab gen aksè ak yo.

W ap jwenn tout sèvis Medicare, Medicaid ak sèvis pou twoub nan devlopman yo, sipò ak sèvis alontèm yo nan yon sèl plan, ki gen ladann asirans medikaman Pati D.

FIDA-IDD kouvri tout sèvis OPWDD w yo ki gen ladann sèvis dispans yo.

FIDA-IDD kapab kouvri tou kèk sèvis ou pa t resevewa opravan, tankou modifikasyon lakay ou, transpò ki pa rapò ak swen medikal, vizit ajan medikal adomisil ak yon sèvis kliyantèl pou swen enfimyè 24/7.

Gratis. Avèk FIDA-IDD, tout sèvis ak swen li kouvri yo gratis.

FIDA-IDD rann ou eleman primòdyal nan pwòp ekip sante ou.

Ekip swen w lan rele Ekip Entèdisiplinè (IDT) epi li fèt avèk ou menm, responsab swen plan FIDA-IDD a, ak pwofesyonèl swen sante pou sèvis DD yo. Men li gen ka gen nenpòt lòt moun ladann si w vle, tankou fanmi oswa zanmi, terapet oswa lòt moun ou chwazi. Ekip ou a ap reyini omwen yon fwa pa ane pou diskite sou bezwen ak objektif ou yo. Plan FIDA-IDD a dwe kouvri kèlkeswa sèvis ekip ou a deside ou bezwen an.

Si w chanje panse pou kite FIDA-IDD, ou kapab kite l nenpòt lè.

Sa se chwa ou si pou antre oswa pa antre nan FIDA-IDD.


Ki sèvis FIDA-IDD kouvri?

FIDA-IDD kouvri tout sèvis ou kapab resevwa atravè Medicare ak Medicaid. Ki gen ladann sèvis twoub nan devlopman yo, sèvis doktè, lopital, medikaman sou preskripsyon, swen adomisil ak plis toujou.

  • Li konplete asirans swen sante a
  • Yon ekip swen ki la pou defann bezwen ak objektif ou yo
  • Jesyon swen
  • Swen prensipal, espesyalis ak swen lopital
  • Sèvis ak sipò alontèm
  • Sante konpòtmantal
  • Sèvis pou twoub nan devlopman
  • Medikaman san preskripsyon ak medikaman sou preskripsyon

Si w anrejistre nan pwogram weaver OPWDD a, w ap ka jwenn sèvis dispans yo.

Men kèk egzanp nan sèvis OPWDD ke FIDA-IDD kouvri yo:

  • Teknoloji Asistan
  • Abilitasyon Kominotè
  • Abilitasyon pandan Jounen
  • Sèvis Konpòtmantal Entansif
  • Chemen pou jwenn Anplwa
  • Sèvis Pre-Vokasyonèl
  • Abilitasyon Rezidansyèl
  • Repi
  • Oto-Eksplikasyon
  • Entèmedyè Fiskal
  • Koutaj pou Sipò
  • Oksilyè Familyal Rezidan
  • Byen ak Sèvis Endividyèl
  • Sèvis Tranzisyon Kominotè
  • Anplwa ke yo Asiste

Imaj ki montre twa kalite egzanpsyon pou sèvis: teknoloji asistans, pakou pou anplwa, ak adaptasyon lajounen


Ekip swen w lan nan FIDA-IDD

Ou pral gen yon ekip pou kowòdinasyon swen ki gen de moun pou ede w jere tout bezwen swen w yo epi ede w atenn tout objektif pèsonèl ou yo.

  • Moun ki pral responsab swen ou yo se yon pwofesyonèl ki gen lisans li ye. Responsab swen sante pral jere ekip ou a, ede jwenn solisyon pou bezwen w yo, ede ou avèk medikaman w yo epi vizit doktè, epi ede w reponn kesyon sou swen sante w yo.
  • Se kowodonatè swen ki pral ede w jere aktivite kominotè yo tankou ede w planifye randevou ak ede w fè aranjman pou transpò.

Imaj ki montre yon responsab swen ak kowòdonatè swen
Ekip swen w lan pral travay nan bonjan tètkole avèk ou epi fanmi w pou konprann kisa ou bezwen, kisa ou vle, ak konprann objektif ou yo, menm si li difisil pou w kominike.

Ekip swen w lan (IDT) pral travay ansanm avèk ou pou kreye yon plan swen ke yo rele Plan pou Lavi (Life Plan).

Ikòn lis verifikasyon


Kiyès ki kapab anrejistre nan FIDA-IDD?

  1. Èske w gen Medicare?
  2. Èske w gen Medicaid?
  3. Èske w elijib pou jwenn sèvis yo atravè Biwo pou Moun ki Gen Twoub nan Devlopman (Office for People With Developmental Disabilies)?
  4. Èske w abite nan Vil Nouyòk (NYC) oswa Nassau, Rockland, Suffolk oswa Westchester?
  5. Èske w gen 21 lane oswa plis?
  6. Èske w PAP viv nan yon etablisman ki bay swen enfimyè espesyalize, sant pou swen devlopman oswa yon etablisman sikyatri?

Anjeneral, si ou reponn wi nan tout kesyon ki anlè yo, ou ka elijib pou w anrejistre nan FIDA-IDD.

Kat jewografik eta NY ak NYC, konte Nassau, Rockland, Suffolk ak Westchester ki souliye


Èske FIDA-IDD bon pou mwen?

FIDA-IDD pa apwopriye pou tout moun.

Afè chanje asirans sante se yon gwo desizyon. Sepandan anvan w pran desizyon sa a, reflechi byen sou bagay sa yo:

  • Èske pwofesyonèl swen sante w yo fè pati rezo plan FIDA-IDD a?
  • Èske plan FIDA-IDD a kouvri medikaman w ap pran kounye a?
  • Apade Medicare ak Medicaid, èske w gen kèk lòt asirans sante? Si ou anrejistre nan FIDA-IDD, sa ka afekte nenpòt lòt asirans ou ka genyen (pa egzanp, yon sipleman Medigap oswa yon pwoteksyon ou jwenn nan asirans yon manm fanmi ba ou).
  • FIDA-IDD ranplase prèske tout asirans sante w genyen deja yo.
  • Byenke w ap toujou gen Medicare ak Medicaid, ou pral jwenn benefis sa yo atravè plan FIDA-IDD a.

Kijan pou m anrejistre nan FIDA-IDD?

Gen yon sèl plan FIDA-IDD. Plan FIDA-IDD a rele Partners Health Plan Care Complete FIDA-IDD oswa PHP. PHP se yon òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki gen lontan l ap bay moun ki gen twoub nan devlopman sèvis.

W ap anrejistre nan FIDA-IDD sèlman si w chwazi fè sa. Pou anrejistre nan FIDA-IDD rele New York Medicaid Choice nan (844) 343-2433. Ap gen yon konseye pou enfòme w sou benefis FIDA-IDD bay yo pou ka deside si FIDA-IDD ap bon pou ou.

Ou ka rele ICAN tou nan (844) 614-8800 pou yo ka ede ou.

Tousuit aprè w fin anrejistre, plan FIDA-IDD pral kontakte w pou yo planifye yon evalyasyon pou bezwen w yo.

Imaj yon reprezantan plan an k ap fè yon vizit adomisil ak fòmilè enskripsyon


Kisa ki pral rive apre m fin anrejistre nan plan an?

Yon fwa ou anrejistre nan plan an, plan FIDA-IDD a pral kontinye kouvri sèvis yo kouvri atkyèlman yo pandan omwen 90 jou. Yo rele sa peryòd tranzisyon. Pandan peryòd tranzisyon an, ou menm ansanm ak ekip swen lan pral travay pou kreye yon Plan pou Lavi (Life Plan).

Si w ap viv nan yon rezidans OPWDD sètifye, ou ka kontinye viv la pandan tout tan ou bezwen sèvis sa a.

Etandone FIDA-IDD bay jesyon swen ak kowòdinasyon swen, ou p ap kontinye resevwa Kowòdinasyon Sèvis Medicaid (MSC) a ankò.

Si w chanje lide souFIDA-IDD aprè w fin antre ladann, ou kapab anile enskripsyon w lan nenpòt lè. Rele ICAN si ou gen kesyon sou sa a.


ICAN ka ede ou.

Nou ka:

  • Reponn kesyon w genyen sou FIDA-IDD.
  • Ba w enfòmasyon sou opsyon plan w lan.
  • Ede w anrejistre nan plan FIDA-IDD a.
  • Ede w detekte epi rezoud pwoblèm ou genyen avèk plan w lan.
  • Nou ka ede w konprann dwa w yo.
  • Ede w soumèt yon plent si w gen yon pwoblèm avèk plan w lan.
  • Ede w fè yon demann pou apèl kont yon aksyon plan an pran si w pa dakò ak sa.

Rele nan 844-614-8800.

Si w gen difikilte pou tande oswa pou pale, ou ka itilize sèvis Relè NY la lè w konpoze 711.

Imèl ICAN@cssny.org.


ICAN ka ede ou.

Imaj ki montre diferan fason ICAN kapab ede: nan telefòn, sou papye, an pèsòn, epi nan rankont, nan bay eksplikasyon, ak nan fè tradiksyon.

Translations :

Downloads :

Yon Plan pou Mwen - Printable Brochure (Haitian Creole)