ICAN ka ede w jwenn sa ou bezwen nan asirans sante Medicaid ou.
Ki sa ki ICAN?
ICAN se yon pwogram ki ede moun ki gen Medicaid nan New York. Nou ka reponn kesyon ou yo sou plan swen jere Medicaid ak swen alontèm.
ICAN endepandan. Nou pa gen rapò ak konpayi asirans sante ou oubyen peofesyonèl swen sante ou.
ICAN gratis. Depatman Sante Eta New York finanse travay nou.
ICAN konfidansyèl. Nou ka pataje enfòmasyon ou sèlman si ou ban nou pèmisyon.
ICAN se yon rezo òganizasyon ki pa travay pou lajan ki nan tout Eta New York.
Ki jan nou ka ede?
- Nou reponn kesyon sou Medicaid, Medicare, swen alontèm, avantaj HARP, ak swen jere.
- Nou ka ede w avèk diferan kalite plan Medicaid, enkli MLTC, MAP, PACE, HARP, FIDA-IDD, ak Medicaid Managed Care (si w ap resevwa sèvis swen lakay)
- Nou ka ede rezoud pwoblèm avèk plan swen jere ou a.
- Nou ka ede w avèk plent, kontestasyon oswa odyans ekitab (sepandan ICAN pa ka bay reprezantasyon legal nan odyans ekitab)
Sèvis nou yo
Liy asistans gratis
Rele nimewo telefòn gratis nou an pou kontakte yon konseye sante andirèk. Liy èd nou an louvri Lendi – Vandredi, 8am-6pm. Moun ki rele ki abite andeyò NYC yo ka kite yon mesaj pou ajans ICAN lokal yo a retounen apèl la, oswa yo ka rele ajans ICAN lokal yo a dirèkteman. Vizite icannys.org pou jwenn ajans lokal ou a.
Asistans an pèsòn
Nou ka rankontre avèk ou fas-a-fas nan youn nan lokal nou yo nan tout Eta New York si li nesesè. Vizite icannys.org pou jwenn adrès ki pi pre a epi aprann kijan pou kontakte ajans ICAN lokal ou a. Nou kapab tou rankontre lakay ou si ou gen difikilte pou vwayaje.
Prezantasyon Kominote yo
ICAN ofri prezantasyon edikatif bay benefisyè Medicaid, moun kap bay swen fanmi, pwofesyonèl swen sante ak defansè yo. Ou ka jwenn yon evènman tou pre ou nan icannys.org.
Fidbak polis asirans
ICAN kontwole epi rapòte tandans bay Depatman Sante Eta NY Nou travay avèk plan swen jere yo ak Depatman Sante pou ede amelyore sistèm lan pou tout moun.
Jwenn èd jodi a. Sèvis nou yo gratis.
Rele: (844) 614-8800 TTY 711 pou Sèvis Relè NY
Liy èd nou an louvri Lendi jiska Vandredi, 8am jiska 6pm.
Nou pale angle, Panyòl, Ris ak Mandarin. Nou gen entèprèt pou tout lòt lang.
Sit wèb: icannys.org
Sit entènèt nou an gen anpil enfòmasyon sou swen jere Medicaid ak swen nan kay. Li gen tou yon zouti chat andirèk kote ou ka bay yon konseye ICAN yon mesaj nan tan reyèl. Sèvis chat andirèk nou an louvri soti Lendi jiska Vandredi, 9am jiska 5pm. Ou kapab tou voye yon mesaj ban nou atravè sit entènèt nou an de fason ke youn nan defansè nou retounen w apèl la.
Translations :