Search Resources:

Plan Sante ak Rekiperasyon (Health and Recovery Plans – Haitian Creole)

Atik sa a baze sou yon bwochi konsènan Plan Sante ak Rekiperasyon New York yo (New York’s Health and Recovery Plans, HARP). Ou kapab li l sou entènèt la oubyen telechaje li nan vèsyon sa a ke ou ka enprime.

Kijan pou itilize bwochi sa a

Ou kapab li bwochi sa a depi nan kòmansman an si w pa konnen anyen ditou sou HARP.

Ou kapab itilize tou Tabmatyè a pou ale dirèkteman nan kesyon w lan.

Ikòn telefònSi gen yon bagay ou pa konprann oswa si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou li, ou ka toujou rele ICAN nan (844) 614-8800.

Tabmatyè

Kisa HARP ye?
Èske HARP menm jan ak sa mwen genyen kounye a?
Nan ki sans HARP pa menm ak sa m gen kounyeya?
Ki moun ki ka enskri nan yon plan HARP?
Kijan pou m antre nan yon plan HARP?
Kisa k ap rive apre mwen rantre nan HARP?
ICAN ka ede ou.


Kisa HARP ye?

Plan Konvansyonèl Medicaid yo gen ladan yo swen medikal, swen sante mantal ak tretman pou abi sibstans. HARP kouvri sa yo tou, men yo ba w kowòdinasyon swen ak sèvis sosyal, pou mete w sou chimen rekiperasyon an.

Imaj ki montre swen medikal, kowòdinasyon swen, ak sèvis sosyal

HARP se akwonim pou Health and Recovery Plan (Plan Sante ak Rekiperasyon).

Yon plan HARP se yon nouvo kalite asirans sante pou adilt ki gen pwoblèm sante mantal grav oswa twoub itilizasyon sibstans. HARP se yon tip plan Medicaid ki konbine tout swen medikal ou, avèk tou swen sante konpòtmantal, nan yon sèl plan. Nan yon plan HARP, konsantrasyon an se sou oumenm.

HAPR kouvri tout avantaj Medicaid ou genyen kounye a, plis sèvis sipò anplis. Sèvis adisyonèl sa yo ka ede w rete ansante, ale lekòl oswa travay, epi fè pati nan kominote a. HARP gratis, e li p ap afekte lòt avantaj ou yo tankou SSI, SSD, oswa SNAP.


Èske HARP menm jan ak sa mwen genyen kounye a?

Wi. HARP se pou moun ki deja gen Medicaid atravè yon plan Swen Kontwole Medicaid oswa (MMC, dèfwa yo rele l yon plan Medicaid “konvansyonèl”). MMC se yon patenarya ant NY Medicaid ak konpayi asirans yo. Medicaid peye pou konpayi sa yo bay swen Medicaid kouvri atravè founisè swen nan rezo yo a.

Yon plan HARP kouvri tout nan menm sèvis ak swen medikal w ap resevwa kounye a atravè plan MMC w la. Sa gen ladan l toulède, swen medikal (doktè, lopital, medikaman) ak swen sante konpòtman (sipò ant parèy, sèvis rezidansyèl, antretyen metadòn, tretman lajounen k ap kontinye).

Si w enskri nan HARP, ou ka anmezi pou kenbe menm konpayi asirans sante a (pifò MMC yo gen plan HARP yo tou.) Men olye pou nan plan MMC yo a, w ap nan plan HARP yo a.

Rele plan an pou asire w ke ou ka kenbe founisè swen aktyèl ou yo; gen anpil chans w ap kapab.


Nan ki sans HARP pa menm ak sa m gen kounyeya?

Gen de (2) sèvis prensipal ke HARP ofri men ke plan MMC konvansyonèl ou a pa ofri:

  • Sèvis Adomisil ak Kominotè pou Sante Konpòtmantal pou Adilt (BH)
  • Jesyon Swen

Sèvis Adomisil ak Kominotè pou Sante Konpòtmantal pou Adilt (Adult BH HCBS)

Sèvis Adomisil ak Kominotè (BH) pou Sante Konpòtmantal pou Adilt (Adult BH HCBS) se sèvis adisyonèl ki kapab ede w atenn objektif ou yo— tankou jwenn yon travay, retounen lekòl, jere presyon, epi jwenn lojman abòdab.

Adult BH HCBS disponib sèlman pou manm elijib pou plan HARP yo ak Plan pou Bezwen Espesyal pou VIH (HIV Special Needs Plans, HIV-SNP yo).

Plan HARP ou a ka ofri diferan plan Adult BH HCBS toudepannde objektif ou yo.

Men kèk egzanp sèvis diferan ki disponib nan HARP ki ka ede w atenn objektif diferan pou lavi.

Jwenn Lojman. Viv Defason Endepandan.

  • Reyabilitasyon Sikososyal
  • Siipò ak Tretman Sikyatrik Kominotè
  • Adaptasyon
  • Transpò pou Ka ki Pa Medikal

Retounen Lekòl. Jwenn yon Travay.

  • Sèvis Sipò Edikatif
  • Sèvis Pre-Pwofesyonèl
  • Anplwa Tranzisyonèl
  • Anplwa Entansif Asiste
  • Anplwa Kontinyèl Asiste

Jere Presyon. Evite Sitiyasyon Kriz.

  • Repi Akoutèm pou Sitiyasyon Kriz
  • Repi Entansif pou Sitiyasyon Kriz

Jwenn Èd nan Men Moun ki Fè Menm Eksperyans lan.

  • Sèvis Sipò nan men Parèy
  • Sipò ak Fòmasyon Familyal

Imaj ki montre twa kalite sèvis adomisil ak sèvis kominotè: jwenn travay, jwenn lojman, ak sipò nan men konfrè

Jesyon Swen

Lòt bagay ki fè plan HARP yo espesyal se Jesyon Swen. Yon fwa ou enskri nan HARP, plan w lan pral deziyen yon Mezon Sante pou ou.

Yon Mezon Sante se pa yon kote pou w abite; se yon òganizasyon ki ede w kowòdone epi jere swen w. Ou pral gen yon manadjè swen ki asire li ke w resevwa tout sèvis, ou fè tout randevou e ou jwenn tout medikaman ou bezwen yo.

Manadjè swen w lan pral ede w fè yon Plan Swen daprè objektif swen sante w yo. Plan Swen an se yon lis objektif ou yo ak sa Mezon pou Sante Konpòtmantal pou Adilt (BH) ak Sèvis Adomisil ak Kominotè (Adult BH HCBS) yo ka bezwen pou w atenn objektif ou yo. Menmsi ou pa bezwen Adult BH HCBS oswa jesyon swen entansif kounye a, lefèt ke w nan HARP, sa fè l pi fasil pou jwenn sèvis sa yo si w ta bezwen yo alavni.
Imaj lokal sante a, ki montre kowòdinasyon ant moun lan, responsab swen an, ak Plan Swen an


Ki moun ki ka enskri nan yon plan HARP?

Pou w elijib pou yon plan HARP, ou fèt pou w genyen Medicaid atravè yon plan MMC, se pou NY Medicaid idantifye ou, e se pou w gen yon kondisyon sante mantal oswa twoub itilizasyon sibstans.

Ou ka deja nan yon plan HARP e ou pa menm konn sa. NY Medicaid te pasivman enskri kèk moun nan plan HARP yo.

Si w pa konnen si ou enskri, ou ka rele ICAN nan 1-844-614-8800. ICAN se yon rezo òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki bay moun ki elijib pou oswa ki enskri nan plan HARP yo, èd gratis ak konfidansyèl. Ou kapab rele New York Medicaid Choice, koutye enskripsyon New York State Medicaid la nan 855-789-4277.

Si ou eljib pou HARP, ou sipoze resevwa yon lèt k ap fè w konnen kijan pou enskri. Lèt la pral di w:

  • Chwa ou genyen yo pou enskri nan yon plan HARP
  • Kisa pou fè apresa
  • Ki kote pou jwenn plis enfòmasyon

Aktyèlman, plan HARP yo pa pou moun ki:

  • Pa elijib pou Medicaid;
  • Ki gen toulède, Medicaid ak Medicare;
  • Ki abite nan yon mezon retrèt;
  • Gen sèvis ki soti nan Biwo pou Moun ki gen Andikap nan Devlopman (Office for People with Developmental Disabilities, OPWDD); oswa
  • Nan yon Plan Swen Kontwole Alontèm (Managed Long Term Care Plan, Plan MLTC).

E si mwen pa elijib pou HARP?

Pwogram Medicaid la revwa dosye l yo regilyèman pou l idantifye nouvo moun ki ka benefisye de HARP. Kidonk, menmsi ou poko resevwa yon lèt konsènan HARP, ou ka vin resevwa youn alavni.

Gen sèten moun ki ka jwenn menm kowòdinasyon swen HARP la lè yo enskri nan yon Mezon Sante. Pou kalifye pou yon mezon sante, ou dwe swa gen de kondisyon sante kwonik, oswa gen VIH/SIDA oswa gen yon maladi mantal ki grav.

Ou kapab kontakte ICAN pou yo ede w jwenn kowòdinasyon swen oswa sèvis sante konpòtmantal.


HowKijan pou m antre nan yon plan HARP?

Si w kalifye, ou ta dwe deja resevwa yon lèt ki gen plis enfòmasyon. Men si ou pa gen yon lèt, ou ka rele New York Medicaid Choice pou chèche konnen si w kalifye. Konseye yo ka ede w nan lang ou pale a.

Rele: 855-789-4277

Lendi–Vandredi, depi 8:30 am jiska 8:00 pm. Samdi, depi 10:00 am jiska 6:00 pm.

Enskripsyon nan HARP

Dèke w resevwa lèt la ki fè w konnen ou elijib pou HARP, ou ka enskri pasivman nan yon plan HARP, amwenske ou deside pa patisipe.

Sa vle di ke apeprè 30 jou apre ou resevwa lèt la, NY Medicaid ka enskri w nan HARP ke menm konpayi asirans ak plan MMC aktyèl ou a ofri.

Si w deside HARP pa konvnab pou ou, ou ka rele NY Medicaid Choice, koutye enskripsyon New York State Medicaid, nan entèval 30 jou a pou anile patisipasyon w. Si w fè sa, ou pral kenbe tout pwoteksyon ou gen kounye a, men ou p ap kapab gen aksè a Adult BH HCBS.

Si plan MMC ou gen aktyèlman an pa ofri yon plan HARP, w ap rete nan plan aktyèl ou a, amwenske ou chwazi yon lòt ki diferan.

Pou lemoman, pa gen okenn fason pou aplike aktivman pou HARP. Si w panse ou ka benefisye de yon plan HARP, men ou pa resevwa yon lèt ke NY Medicaid voye, rele ICAN pou yo ede w, nan 844-614-8800.


Kisa k ap rive apre mwen rantre nan HARP?

Yon fwa ou rantre nan plan an, HARP ou a pral kontinye kouvri tout sèvis ak founisè swen ou genyen aktyèlman yo pandan omwen 90 jou. Apre 90 jou, si founisè aktyèl yo pa fè pati nan rezo nouvo Plan an, w ap dwe travay ansanm avèk plan HARP ou a ak founisè w la pou wè ki opsyon ki genyen.

Si w chanje lide konsènan HARP apre w fin antre nan plan an, ou gen 90 jou (oswa 3 mwa) pou anile enskripsyon w lan epi pou retounen nan yon plan Medicaid konvansyonèl tankou sa w te gen anvan an, oswa pou chwazi yon plan HARP ke yon lòt konpayi asirans ofri. Apre 90 jou, ou dwe rete nan plan HARP ou a pou 9 mwa, epi apresa w ap gen chans pou chanje plan ankò.

Kijan pou m jwenn Adult BH HCBS?

Yon fwa ou enskri nan HARP, plan w lan pral deziyen yon Mezon Sante pou ou. Manadjè swen w lan pral kontakte w pou pwograme yon evalyasyon pou ede deside ki Sèvis Adomisil ak Kominotè pou Sante Konpòtmantal pou Adilt (BH) tankou ki travay oswa ki sipò nan men parèy ke w bezwen. Yo fè yon nouvo evalyasyon pou ou pou Adult BH HCBS yon fwa chak ane oswa apre yon gwo chanjman nan vi w, tankou admisyon nan lopital, oswa si w pèdi kay ou.

Plan HARP ou a dwe apwouve chak etap nan pwosesis la. Si w gen pwoblèm avèk evalyasyon an oswa avèk Plan Swen w lan, rele ICAN pou jwenn èd nan 844-614-8800.
Imaj yon moun k ap rele responsab swen yo a pou diskite sou evalyasyon anyèl la pou sèvis adomisil ak sèvis kominotè yo


ICAN ka ede ou.

Nou ka:

  • Reponn kesyon w yo konsènan HARP.
  • Di w si w deja enskri nan yon plan HARP.
  • Ede w kominike avèk konpayi asirans ou an.
  • Ba w konsèy sou opsyon pou plan w yo.
  • Ede w kenbe asirans ou genyen kounye a si ou deside HARP pa konvnab pou ou.
  • Idantifye ak rezoud pwoblèm avèk plan w lan.
  • Nou ka ede w konprann dwa w yo.
  • Ede w soumèt plent ak/oswa doleyans si w pa kontan avèk aksyon yon plan.
  • Nou ka ede w fè yon demann pou apèl poutèt yon aksyon ou pa dakò.

Rele nan 844-614-8800.

Si w soud oswa bèbè, ou ka rele 711 pou itilize Sèvis Relè NY la.

Imèl ICAN@cssny.org.


ICAN ka ede.

Imaj ki montre diferan fason ICAN kapab ede: nan telefòn, sou papye, an pèsòn, epi nan rankont, nan bay eksplikasyon, ak nan fè tradiksyon.

Translations :

Downloads :