Search Resources:

Kòman mwen ka rantre nan MLTC? (How Do I Join MLTC? – Haitian Creole)


Kòman pou itilize bwochi sa a

Bwochi sa a eksplike etap pou w enskri nan Managed Long Term Care (MLTC).

Pou aprann plis sou MLTC, li bwochi nou an “Kisa MLTC ye?” ki disponib sou entènèt nan icannys.org/icanlibrary/mltc-haitiancreole, oswa rele nan 844-614-8800 pou pale ak yon moun ki ka ede w.

Lis Sijè yo

Kisa Managed Long Term Care (MLTC) ye?
Kòman mwen ka rantre nan yon plan MLTC?
1. Aplike pou Medicaid.
2. Pwogram Evalyatè Endepandan nan New York
3. Ki tip plan?
Ki kalite plan MLTC ki disponib?
4. Chwazi plan w lan.
5. Enskri.
Kòman mwen ka jwenn sèvis atravè plan MLTC mwen an?
Rezoud pwoblèm ou gen ak plan MLTC w lan.
ICAN ka ede w.

Kisa Managed Long Term Care (MLTC) ye?

MLTC vle di Jesyon Swen Alontèm.

Swen alontèm lan vle di sèvis k ap ede w ak aktivite chak jou w yo. Egzanp yo gen ladan yo asistan swen adomisil, pwogram gadri, ak sèvis k ap ede w ak aktivite chak jou w yo pandan w rete lakay ou. Ou ka bezwen sèvis swen alontèm yo si w bezwen yon lòt moun pou ede w netwaye kay ou, pou abiye w oswa benyen w.

Anpil Nouyòkè ki bezwen swen alontèm yo jwenn li atravè Medicaid. Epi pifò moun ki gen Medicaid yo dwe pran swen alontèm yo atravè yon pwogram MLTC.

“M” nan MLTC vle di Managed (Kontwole). MLTC se yon tip asirans sante yo rele swen kontwole. Ou dwe antre nan yon plan yon konpayi asirans sante prive ofri pou Medicaid ka peye pou swen alontèm ou yo. Medicaid peye konpayi sa yo pou bay manm li yo swen alontèm.

Imaj swen alontèm

Kòman mwen ka rantre nan yon plan MLTC?

Si w pa gen Medicare, alòs ou pa bezwen rantre nan MLTC. Jis rele plan Medicaid ou a pou mande sèvis swen alontèm yo.

Gen kèk moun ki gen Medicaid men ki pa gen Medicare ki ka elijib pou enskri nan MLTC pou resevwa sèvis plan Medicaid yo a pa kouvri yo. Rele ICAN nan 844-614-8800 si w nan ka sa.

Men, si w gen Medicare, gen senk etap pou w chwazi epi rantre nan yon plan MLTC:

1. Aplike pou Medicaid.

Ou kapab antre nan yon plan MLTC sèlman si w gen asirans sante Medicaid. Premyèman, aplike pou Medicaid Kominotè atravè Depatman Sèvis Sosyal nan zòn w ap viv la.

(Ou ka jwenn Depatman Sèvis Sosyal ou a sou sit entènèt sa a: http://www.health.ny.gov/health_care/medicaid/ldss.htm.)

W ap gen pou ranpli yon fòmilè aplikasyon epi bay kopi dokiman w yo.

W ap gen pou bay pyès idantifikasyon w ak kèk lòt dokiman. Sa ka pran jiska 45 jou pou jwenn yon desizyon.

Si w gen yon bezwen ijan pou swen adomisil Medicaid yo, ou ka mande pou bezwen imedya. Sa vle di w ap anmezi pou jwenn yon desizyon pi rapid.

Aplike pou Medicaid ka konplike. Gen pwogram nan pifò konte ki ka ede w ranpli epi soumèt aplikasyon Medicaid la.

Pou w ka jwenn èd pou aplikasyon Medicaid nan konte w la, ale sou sit entènèt sa a: https://www.health.ny.gov/health_care/medicaid/fe_abd.htm.

Ou kapab kontakte Depatman Sèvis Sosyal nan zòn w ap viv la (Local Department of Social Services, LDSS) tou pou w aplike pou Medicaid. Rele nan 800-541-2831 pou w jwenn enfòmasyon kontak pou LDSS ou a.

2. Pwogram Evalyatè Endepandan nan New York

Pwochen etap la se kontakte Pwogram Evalyatè Endepandan (Independent Assessor Program, NYIAP). NYIAP se yon konpayi k ap travay pou Medicaid. Yo evalye moun ki gen Medicaid yo pou yo ka konnen si wi ou non yo elijib pou enskri nan MLTC.

NYIAP ap evalye w anvan w enskri nan yon plan MLTC oswa MAP. Si w vle enskri nan yon plan PACE, ou ka enskri ladan l dirèkteman san w pa pase nan NYIAP.

Imaj yon evalyasyon enfimyè adomisil avèk kesyonè ak fòmilè enskripsyon

Men etap pou swiv yo pou NYIAP ka evalye w:

  • Rele NYIAP nan 855-222-8350. Yo louvri Lendi–Vandredi 8:30am–8:00pm, ak Samdi 10:00am–6:00pm.
  • NYIAP ap pran de randevou avèk ou. Yo ka fèt nan apèl videyo2 oswa an pèsòn. Ou ka fè yon manm fanmi w oswa yon zanmi w akonpanye w pou randevou sa yo. (Pou apèl videyo a, w ap bezwen gen yon òdinatè, yon telefòn entèlijan, oswa yon tablèt ki gen yon kamera ak mikwo, ak yon koneksyon entènèt.)
  • Evalyasyon Sante Kominotè (Community Health Assessment, CHA). Sa a se premye randevou NYIAP la. Yon enfimyè ap poze w yon lis kesyon long pou l ka jwenn enfòmasyon sou kondisyon medikal ou ak nan kisa w bezwen èd.
  • Randevou Klinik (Clinical Appointment, CA). Sa a se dezyèm randevou NYIAP la. Yon doktè oswa yon enfimyè pwofesyonèl ap poze w yon lis kesyon ki pi kout pou l ka konnen si w gen yon kondisyon medikal ki estab epi si w ka kontwole tèt ou.
  • Avi Rezilta. Kèk jou aprè dezyèm randevou a, NYIAP ap voye yon avi ba w pa imel pou fè w konnen si wi ou non ou apwouve pou w enskri nan MLTC oswa si w gen yon kondisyon medikal ki estab.

Si avi rezilta NYIAP ou a di “Ou kalifye pou jwenn sèvis ak sipò alontèm atravè yon plan Managed Long Term Care (MLTC)”, sa vle di w ka ale nan Etap 3 a epi chwazi yon plan.

Li posib pou NYIAP voye ba w yon Avi Rezilta ki di w pa elijib pou w enskri nan MLTC oswa pou w jwenn swen adomisil. Ou gen dwa fè rekou kont desizyon sa a. Ou ka fè sa lè w mande yon Odyans san Patipri. Sa vle di w ka di yon jij poukisa w panse desizyon an pa bon pou ou. Si jij la dakò avèk ou, yo ka fè NYIAP chanje desizyon yo te pran yo.

Rele ICAN nan 844-614-8800 pou èd nan rekou oswa pou Odyans san Patipri yo.

3. Ki tip plan?

Depi NYIAP fin apwouve w, ou pare pou w rantre nan yon plan.

Men, anvan w dwe chwazi ki tip plan w vle. Ou ka sèvi ak bwochi nou an “Kisa MLTC ye?” pou ede w deside ki tip plan k ap bon pou ou.

Gen kèk tip plan ki pa disponib nan tout konte. Rele ICAN nan 844-614-8800 pou w jwenn dènye lis plan nan konte w la.

Imaj kat Idantifikasyon manm yo pou senk kalite plan MLTC diferan

Ki kalite plan MLTC ki disponib?

Gen sis diferan kalite asirans sante Medicaid ki gen ladan swen alontèm. Kalite asirans sante k ap bon pou ou a depann si wi ou non ou gen Medicare tou.

Si w gen Medicaid men w pa gen Medicare, lè sa a w pwobableman nan Plan Prensipal Swen Kontwole Medicaid yo (Mainstream Medicaid Managed Care plan, MMC) oswa nan Plan Sante ak Rekiperasyon (Health And Recovery Plan, HARP). Ou ka jwenn sèvis swen alontèm yo atravè MMC w la oswa HARP w la. Ou pa oblije enskri nan MLTC. Rès bwochi sa a pa pou ou. Rele ICAN si w bezwen èd pou jwenn swen alontèm yo atravè plan w lan.

Si w gen Medicare ak Medicaid, lè sa a w ap ka chwazi si w vle resevwa tout sèvis ou yo atravè menm plan an, oswa pou w gen yon plan MLTC ki separe ak Medicare w la.

Si w vle kenbe Medicare ak Medicaid ou a separe, ou ka rantre nan yon Plan Medicaid MLTC.

Si w vle gen yon sèl plan ki gen ladan l tout swen medikal ou yo ak swen alontèm yo, ou ka chwazi pami twa kalite plan: PACE, MAP, oswa FIDA-IDD. (FIDA-IDD se sèlman pou moun ki gen andikap entelektyèl oswa twoub nan devlopman. Pou aprann plis sou opsyon sa a, gade nan bwochi nou an “Yon Plan Pou Mwen: FIDA-IDD,” disponib sou https://icannys.org/icanlibrary/fida-idd-haitiancreole/.)

Chak kalite plan ka kouvri diferan sèvis. Men, tout plan menm kalite yo dwe kouvri menm sèvis.

4. Chwazi plan w lan.

Depi yo apwouve w pou Medicaid ak pou MLTC, ou dwe rele yon plan pou w konnen si l ap bon pou ou. Men kèk kesyon w ta dwe poze k ap ede w deside:

  • Konbyen èdtan sèvis asistans adomisil m ap jwenn?
  • Ki lòt sèvis y ap ban mwen?
  • Èske m ap kapab kenbe asistan k ap ede m kounye a?
  • Èske mwen ka dirije swen mwen yo?*
  • Èske m ap kapab jwenn swen lakay mwen, oswa sèlman nan yon mezon retrèt?
  • Èske plan an ap kouvri frè dantis, podològ, odyològ ak optometris mwen yo?
  • Èske plan an ap kouvri frè doktè, lopital, ak medikaman mwen yo? (Sèlman pou PACE, MAP, ak FIDA-IDD)
* MLTC gen ladan l yon sèvis ki rele Pwogram Asistans Pèsonèl Pou Konsomatè (Consumer Directed Personal Assistance Program, CDPAP), kote w ka chwazi pwòp asistan w olye w itilize yon ajans swen adomisil.

Pou reponn kesyon sa yo, plan an ap bezwen rankontre avèk ou.

Ou ka gen zanmi oswa fanmi w avèk ou pandan reyinyon sa a. Ou ka poze kesyon epi w ka di enfimyè a tout sa w vle konnen sou bezwen w yo. Asire w ou mande ki tip sèvis ak konbyen èdtan plan an ka apwouve. Si w renmen plan sa a, ou ka rantre ladan l imedyatman.

Ou pa bezwen rantre nan premye plan w jwenn lan. Ou ka rele yon lòt plan epi mande l fè yon evalyasyon pou ou. Ou ta dwe chwazi plan k ap ba w sèvis ou bezwen yo epi plan w plis renmen an.

Imaj yon evalyasyon enfimyè adomisil avèk kesyonè ak fòmilè enskripsyon

5. Enskri.

Depi w fin chwazi plan ki pi byen adapte ak bezwen w yo, w ap siyen fòmilè enskripsyon plan an bay la pou w ka enskri. Si w pa kapab siyen, yon reprezantan ki otorize ka siyen fòmilè sa a pou ou.

Si w enskri anvan 20yèm jou nan mwa a, sèvis ou yo ap kòmanse 1ye jou nan mwa pwochen an. Si w enskri aprè 20yèm jou nan mwa a, sèvis ou yo ap kòmanse nan mwa k ap vini an.

Tout pwosesis la, soti nan lè w te aplike pou Medicaid la rive jiskaske w enskri nan yon plan, ap pran pwobableman apeprè 3 mwa.

Si w bezwen jwen sèvis swen adomisil yo pi vit, ou ka fè Depatman Sèvis Sosyal nan zòn w ap viv la apwouve yo olye MLTC apwouve yo. Sa rele bezwen swen adomisil imedya. Si yo apwouve yo, sèvis sa yo tanporè sèlman. Nan kèk mwa, w ap gen pou rantre nan MLTC. Rele ICAN pou w aprann plis sou opsyon sa a.

Kòman mwen ka jwenn sèvis yo atravè plan MLTC mwen an?

Depi w fin enskri nan MLTC, y ap ba w yon manadjè swen.

Manadjè swen w lan ap rele w chak mwa pou l asire l ou resevwa sèvis ou bezwen yo. Y ap vin vizite w lakay ou chak sis mwa.

Si w vle yon nouvo sèvis, oswa w vle plis nan yon sèvis ki egziste deja, ou dwe rele manadjè swen w lan. Yo rele sa yon otorizasyon sèvis.

Lè w mande yon otorizasyon sèvis, plan MLTC w la dwe voye yon avi alekri sou desizyon yo pran an nan entèval 14 jou.*

Imaj yon apèl telefonik avèk responsab swen an

* Osi rapid kondisyon sante w mande sa, oswa nan 3 jou apre yo fin resevwa tout enfòmasyon ki nesesè yo, men li p ap depase 14 jou.

Rezoud pwoblèm ou gen ak plan MLTC w la

Manadjè swen w lan ta dwe kapab ede w rezoud pifò pwoblèm ou ta ka genyen ak swen w lan.

Men, si w pa renmen yon desizyon plan MLTC w la pran, ou ka mande yon lòt desizyon. Yo rele sa yon rekou.

Si plan MLTC w la fè yon aksyon konsènan sèvis ou yo, ou gen dwa pou fè yon avi alekri epi fè rekou kont aksyon sa a.

Gen plizyè fason diferan pou fè rekou, selon ki kalite plan w genyen ak kisa pwoblèm nan ye.

Règ sou rekou MLTC yo konplèks. Si plan MLTC w la te pran yon desizyon konsènan swen w lan ou pa dakò ak li, rele ICAN.

ICAN ka ede w deside si wi ou non w ap fè rekou, e nou ka menm refere w yon èd legal nan kèk ka.

Ou gen dwa tou pou pote plent konsènan jesyon swen w yo oswa kalite swen w ap resevwa yo. Yo rele sa yon plent.

ICAN ka ede w.

Nou kapab:

  • Reponn kesyon w yo konsènan Jesyon plan Swen Alontèm yo.
  • Ba w konsèy konsènan opsyon plan w yo.
  • Ede w enskri nan yon plan MLTC.
  • Idantifye ak rezoud pwoblèm ou gen ak plan w lan.
  • Ede w konprann dwa w yo.
  • Ede w pote plent ak/oswa doleyans si w pa kontan ak yon desizyon nan plan w lan.
  • Ede w fè rekou kont yon aksyon ou pa dakò ak li.

ICAN ka ede.

Imaj ki montre diferan fason ICAN kapab ede: nan telefòn, sou papye, an pèsòn, epi nan rankont, nan bay eksplikasyon, ak nan fè tradiksyon.

Translations :

Downloads :

Kòman mwen ka rantre nan MLTC? - Printable Brochure (Haitian Creole)