Search Resources:

Sèvis Swen Pèsonèl Medicaid yo (Medicaid Personal Care Services – Haitian Creole)

Kòman pou w itilize bwochi sa

Ou ka li bwochi sa soti depi nan kòmansman si w pa abitye avèk Sèvis Swen Pèsonèl Medicaid yo.

Ou kapab itilize Lis Sijè yo tou pou ale tou dwat nan kesyon w lan.

Bwochi sa ka genyen kèk mo ki nouvo pou ou. Si w wè yon mo oswa yon abrevyasyon w pa konnen, ou ka jwenn siyifikasyon an nan Leksik ki nan fen bwochi sa a.

Lis Sijè yo

Kisa ki Aktivite nan Lavi Chak jou yo?
Kisa Sèvis Swen Pèsonèl yo ye?
Èske mwen kalifye pou Sèvis Swen Pèsonèl yo?
Kòman mwen ka jwenn Sèvis Swen Pèsonèl yo?
Konbyen èdtan swen adomisil m ap jwenn?
Kiyès ki responsab kisa?
Kiyès ki ka asistan m?
Kisa pou m fè si m bezwen plis èd?
Èske manm fanmi mwen yo oblije ede m?
Leksik
ICAN ka ede w.

Kisa Aktivite nan Lavi Chak jou yo ye?

Aktivite nan Lavi Chak jou yo se aktivite ou fè chak jou anndan ak alantou lakay ou. Objektif swen adomisil la se ede w ak aktivite chak jou sa yo. Gen de tip ADL yon travayè swen adomisil ka ede w avèk yo: Nivo 1 ak Nivo 2.

Aktivite Nivo 1 yo (yo rele yo tou ADL enstrimantal oswa travay nan kay) gen ladan yo:

  • Lesiv
  • Fè makèt
  • Fè travay lejè nan kay
  • Kontwole medikaman
  • Kwit manje

Aktivite Nivo 2 yo gen ladan yo:

  • Bay manje
  • Mache ak itilize chèz woulant
  • Benyen
  • Abiye
  • Ijyèn pèsonèl
  • Al nan twalèt


Illustration of personal care services

Kisa Sèvis Swen Pèsonèl yo ye?


Illustration of a person with a badge holding a document

Si w bezwen èd pou w fè ADL ou yo san danje, ou ka jwenn yon travayè swen adomisil k ap vin lakay ou epi k ap ede w ak travay sa yo. Yo rele sa PCS. Moun k ap fè travay la rele Asistan Swen Pèsonèl (Personal Care Aide, PCA). PCA yo ka ede yon moun ki gen andikap viv san danje nan pwòp kay pa l olye l al nan yon enstitisyon medikal.

Yon PCA pa yon enfimyè. Se yon moun ki te resevwa apeprè 2–3 semèn fòmasyon epi k ap travay pou yon ajans swen adomisil. Yon PCA ede w ak aktivite ki gen nan plan swen w lan. Plan swen w lan bay lis tout travay ADL ou bezwen èd ladan yo.

Gen kèk moun ki ka bezwen lòt kalite swen yon asistan pa gen pèmisyon pou bay. Sa ka gen ladan l bay piki ensilin, bay manje atravè tib, oswa lòt swen medikal ki mande kalifikasyon. Yon asistan ka pote medikaman pou ou nan yon bwat medikaman chak semèn yon moun plen pou ou, epi l ka fè w sonje pou w pran yo, men li pa ka mete yon konprime nan bouch ou. Si w bezwen èd ak tip travay sa yo, w ap bezwen lòt tip swen adomisil Medicaid ofri yo, tankou Enfimyè Prive oswa Pwogram Asistans Pèsonèl Pou Konsomatè (Consumer Directed Personal Assistance Program, CDPAP).

Èske mwen kalifye pou Sèvis Swen Pèsonèl yo?

Se pa tout moun ki kalifye pou PCS yo. Pou w kalifye, ou dwe ranpli tout kondisyon sa yo. W ap jwenn eksplikasyon an detay pou chak kondisyon sa yo aprè lis la.

  • Kontwòle tèt ou (oswa yon lòt moun ki ka dirije swen yo);
  • Kondisyon medikal estab;
  • Kapab viv san danje lakay ou ak swen adomisil la;
  • Sèvis swen adomisil yo nesesè sou plan medikal.

Kontwòle tèt ou

Ou sipoze ka kontwòle tèt ou. Kontwòle tèt ou vle di w gen kapasite pou w chwazi pami ADL yo, konprann enpak chwa sa yo epi pran sou responsablite w rezilta chwa sa yo. Si w pa kapab fè bagay sa yo, ou dwe gen yon moun ou konnen ki pou ba w swen.

Kondisyon medikal estab

Ou dwe genyen tou yon kondisyon medikal ki estab. Sa vle di sante w p ap vin pi mal oswa vin miyò yon sèl kou, epi w pa bezwen chanje plan swen w lan souvan.

Kapab viv san danje lakay ou ak swen adomisil la

Si w pa an sekirite pou w kontinye viv lakay ou, menm avèk èd yon asistan, lè sa a ou ka pa kalifye pou w jwenn PCS. Men, sekirite w pa bezwen garanti pou w jwenn swen adomisil yo.

Nesesè sou plan medikal

Medicaid ap peye sèlman pou kantite sèvis swen adomisil ki nesesè sou plan medikal yo. Plan Jesyon swen Medicaid yo ap idantifye konbyen èdtan sèvis swen adomisil pa semèn ki nesesè pou ou sou plan medikal.

Kòman mwen ka jwenn Sèvis Swen Pèsonèl yo?

Pifò moun jwenn PCS lè yo enskri nan yon Plan Jesyon Swen Medicaid.

Konsènan Plan Medicaid yo

Pifò moun ki gen Medicaid yo gen obligasyon enskri nan plan jesyon swen ki sou kontwòl konpayi asirans prive yo. Medicaid peye konpayi sa yo pou kouvri tout swen medikal ki nesesè nan pake avantaj yo a. Gen diferan kalite plan jesyon swen Medicaid pou diferan gwoup moun. Pifò moun ki gen Medicaid yo nan yon plan Prensipal Jesyon Swen Medicaid (Mainstream Medicaid Managed Care, MMC) oswa yon Plan Sante ak Rekiperasyon (Health and Recovery Plan, HARP). Si w genyen youn nan sa yo, ou pa bezwen chanje plan pou w jwenn PCS yo. Yo deja nan pake avantaj ou a. Ou ka jis mande plan w lan sèvis yo.

Si w gen Medicare, ou gen chwa ant twa diferan kalite plan ki ka bay PCS:

  • Medicaid Managed Long Term Care (MLTC)
  • Medicaid Advantage Plus (MAP)
  • Programs of All-inclusive Care for the Elderly (PACE)


Illustration of plan cards

Genyen kèk moun tou ki ka jwenn PCS san yo pa rantre nan yon plan jesyon swen: *

  • Patisipan ki nan yon pwogram egzansyon, tankou Egzansyon pou Tranzisyon ak Reyoryantasyon nan Mezon retrèt yo (Nursing Home Transition and Diversion, NHTD), Egzansyon pou Blesi Twomatik nan Sèvo (Traumatic Brain Injury, TBI), oswa egzansyon pou moun ki gen twoub devlòpman (people with developmental disabilities, OPWDD)
  • Moun ki deja ap resevwa sèvis swen palyatif yo
  • Moun ki gen yon bezwen imedya pou PCS epi ki pa enskri nan yon plan MMC oswa HARP. Men, sa tanporè. Y ap evantyèlman gen pou yo rantre nan yon plan jesyon swen.
  • Moun ki gen Medicaid men ki pa gen Medicare epi ki pa enskri nan yon plan MMC oswa HARP
  • Moun ki gen ant 18–21 an
* Sa yo se rezon nou jwenn pi souvan yo. Rele ICAN pou w ka konnen si gen lòt eksepsyon ki aplike pou sitiyasyon w lan.

Evalyatè Endepandan nan New York

Premye etap pou pifò moun ki gen Medicaid pou yo ka jwenn PCS se kontakte Pwogram Evalyatè Endepandan nan New York la (NY Independent Assessor Program, NYIAP). NYIAP se yon konpayi k ap travay pou Medicaid. Yo evalye moun ki gen Medicaid yo pou yo wè si yo elijib pou yo enskri nan MLTC oswa pou yo jwenn PCS.

Si w deja enskri nan MMC oswa HARP, NYIAP dwe evalye w anvan plan w lan apwouve PCS la. Si w pa enskri nan MMC oswa HARP, NYIAP ap evalye w anvan w kapab enskri nan yon plan MLTC oswa MAP pou w ka jwenn PCS. Si w vle jwenn PCS atravè yon plan PACE, ou ka enskri nan plan PACE la dirèkteman san w pa pase pa NYIAP. NYIAP ap evalye tou moun ki pa nan jesyon swen yo anvan yo rive jwenn PCS la.


Illustration of an in-person evaluation

Men etap pou w jwenn yon evalyasyon nan NYIAP:

  • Rele NYIAP nan 855-222-8350. Yo louvri Lendi–Vandredi 8:30am–8:00pm, ak Samdi 10:00am–6:00pm.
  • NYIAP ap pran de randevou avèk ou. Yo ka fèt nan yon apèl videyo oswa an pèsòn. Pou apèl videyo a, w ap bezwen yon òdinatè, yon telefòn entèlijan, oswa yon tablèt ki gen yon kamera ak mikwo, ak yon koneksyon entènèt.
  • Evalyasyon Sante Kominotè (Community Health Assessment, CHA) — Sa a se premye randevou NYIAP la. Yon enfimyè ap poze w yon lis kesyon long pou l ka jwenn enfòmasyon sou kondisyon medikal ou ak pou kisa w bezwen èd.
  • Randevou Klinik (Clinical Appointment, CA) — Sa a se dezyèm randevou NYIAP la. Yon doktè oswa yon enfimyè pwofesyonèl ap poze w yon lis kesyon ki pi kout pou l ka konnen si w gen yon kondisyon medikal ki estab epi gade si w gen kontwòl tèt ou.
  • Avi Rezilta — Kèk jou apre dezyèm randevou a, NYIAP ap voye yon imel ba ou ki gen yon avi pou fè w konnen si wi ou non yo apwouve enskripsyon w pou MLTC a epi si w gen yon kondisyon medikal ki estab.

Pwochen Etap yo


Illustration of a checklist on a clipboard

Si w deja enskri nan MMC oswa HARP, rele plan w lan otomatikman ou resevwa Avi Rezilta a. Y ap pran yon lòt randevou ak ou pou konplete plan swen w lan epi detèmine konbyen èdtan swen adomisil w ap resevwa.

Si w poko enskri nan yon plan, pwochen etap w ap gen pou fè se chwazi yon plan MLTC, MAP, oswa PACE. NYIAP ak ICAN ka ede w chwazi yon plan. Otomatikman ou chwazi yon plan, ou dwe rele yo pou pran yon lòt randevou. Y ap sèvi ak randevou sa a pou konplete plan swen w lan epi detèmine konbyen èdtan swen adomisil w ap jwenn.

E si yo pa aksepte m?

Li posib pou NYIAP voye ba w yon Avi Rezilta ki di w pa elijib pou w enskri nan MLTC oswa pou w jwenn swen adomisil. Li posib tou pou yon plan MLTC pa kite w enskri menmsi NYIAP apwouve w. Nan nenpòt nan ka yo, ou gen dwa pou fè rekou kont desizyon sa a. Ou ka fè sa lè w mande yon Odyans san Patipri. Sa vle di w ka di yon jij poukisa w panse desizyon an pa bon pou ou. Si jij la dakò avèk ou, yo ka fè NYIAP oswa plan an chanje desizyon yo.

Si w enskri nan MMC oswa HARP epi yo refize w swen adomisil yo, ou gen dwa fè rekou tou. Men, anvan tout bagay ou dwe fè yon rekou bò kote plan an anvan w al mande yon Odyans san Patipri.

Konbyen èdtan swen adomisil mwen ap jwenn?

Aprè evalyasyon NYIAP la, plan swen ki jere pa Medicaid yo ap konplete plan swen w lan epi detèmine konbyen èdtan PCS ou bezwen. Ou menm ak plan an ap itilize enfòmasyon ki soti nan evalyasyon NYIAP la pou konplete plan swen w lan. Plan an dwe konsidere ki travay ou bezwen èd pou yo, ki lè w bezwen èd sa a, pandan konbyen fwa, konbyen tan li pran, epi si travay sa yo ka pwograme oswa yo pa ka prevwa yo. W ap travay ak plan w lan pou asire kantite èdtan yo apwouve a sifi pou satisfè nenpòt bezwen ki pa pwograme oswa ki repete, kit yo rive lajounen kou lannwit.


Illustration of a letter and envelope

Lè w ap mande plan w lan swen adomisil, ou dwe ale dirèk. Di yo egzakteman konbyen èdtan pa jou ak jou pa semèn ou vle, epi poukisa. Li pi bon pou w fè sa alekri.

E si mwen bezwen swen lannwit?

Sa pa rive souvan pou moun bezwen sèvis swen adomisil pandan lannwit. Medicaid peye pou swen lannwit yo sèlman si w bezwen èd pou w fè travay tankou fè twalèt ou, mache, deplase (leve oswa desann sou yon chèz oswa yon kabann), vire ak chanje pozisyon sou kabann, oswa manje. Gen de kalite swen 24 sou vennkat ki disponib: gad an pèmanans ak gad pataje.


Illustration of a moon and stars

Gad an pèmanans: Asistan ki fè gad an pèmanans lan pase 24 èdtan pa jou lakay ou. Asistan an travay sèlman pandan 12 èdtan pandan jounen an, ak 3 poz pou manje. Lannwit, asistan an sipoze kapab dòmi pou 8 èdtan antou, ak 5 èdtan dòmi san reveye. Asistan an sipoze kapab ede w plizyè fwa pandan lannwit lan lè li p ap dòmi. Fòk ou gen yon espas separe pou dòmi lakay ou pou w ka jwenn sèvis gad an pèmanans lan.

Gad pataje (Yo rele l tou swen kontinyèl): Yon asistan ap travay pandan 12 èdtan pandan lajounen. Yon lòt asistan ap travay pandan 12 èdtan pandan lannwit lan. Yo rele sa “gad pataje” paske de asistan pataje 24 èdtan swen an. Asistan lannwit lan ap travay pandan tout 12 èdtan yo epi li pa dwe dòmi. Ou ka jwenn yon gad pataje sèlman si w souvan gen bezwen pandan lannwit kote yon asistan gad an pèmanans pa kapab fè 5 èdtan dòmi san reveye.

Ki travay PCS pa kouvri?

Plan w lan la sèlman pou l ba w asistans pou ADL yo. Sa vle di gen kèk travay yon asistan pa gen dwa ede w ak yo. Plan w lan p ap apwouve orè pou travay sa yo.

Youn nan egzanp yo se siveyans sekirize. Siveyans sekirize vle di asire w yon moun an sekirite san w pa ede l fè yon ADL. Pa egzanp, plan w lan p ap ba w PCS pandan yon peryòd tan si w pa bezwen èd pou okenn ADL, men ou jis bezwen yon moun pou siveye w pou anpeche w fè yon bagay ki ka lakòz danje.

Men, yon asistan gen dwa pou l ede w fè yon ADL san danje, tankou mache oswa al nan twalèt. Èd sa a pa oblije fizik; li kapab aloral tou. Pa egzanp, èd la ka raple w pou w itilize baton ki ba w sipò pou w mache a.

Yon lòt egzanp travay plan an pa kouvri se akonpayman. Plan w lan pa la pou l ba w plis tan nan men yon asistan jis paske w pa vle rete poukont ou.

Kiyès ki responsab kisa?


Illustration of three people in a group behind one person

Ou bezwen yon ekip pou ede w jwenn swen ou bezwen adomisil yo. Li enpòtan pou w konnen manm ekip sa a ak ki moun ki responsab pou fè kisa.

Plan: Plan w lan detèmine kantite swen adomisil w ap resevwa, epi li peye pou sèvis swen adomisil yo, ekipman medikal, transpò medikal, ak anpil lòt bagay ki gen rapò ak swen alontèm ou yo.

Manadjè Swen: Manadjè Swen w lan ap travay pou plan w lan. Manadjè Swen an devlope plan swen w lan avèk ou epi kowòdone swen w yo. Manadjè Swen an anjeneral se premye moun ou kontakte si w gen yon pwoblèm.

Ajans Swen Adomisil: Plan w lan anplwaye yon Ajans Swen Adomisil, ki anplwaye PCA. Ajans Swen Adomisil la pwograme ak sipèvize asistan yo. Y ap ba w yon Kowòdonatè nan ajans lan. Ou ka rele moun sa a si w gen pwoblèm ak orè yo.

Ou menm: Ou responsab pou fè plan w lan konnen tout demann, mete plan w lan okouran konsènan chanjman nan kondisyon w, reponn apèl plan w lan yo, epi patisipe nan reyevalyasyon anyèl yo. Ou ka fè yon zanmi w oswa yon manm fanmi w ou fè konfyans tou jere responsablite sa yo.

Kiyès ki ka asistan mwen?

Pifò moun ki resevwa swen adomisil Medicaid yo gen yon asistan nan yon ajans swen adomisil ki travay ak plan Jesyon swen Medicaid yo.

Men, plan jesyon swen Medicaid yo peye tou pou yon pwogram ki pèmèt ou chwazi yon zanmi oswa yon manm fanmi w y ap peye pou vin asistan w. Yo rele sa Pwogram Asistans Pèsonèl Pou Konsomatè (CDPAP).

Asistan CDPAP yo ka fè travay espesyal tou, tankou bay piki ensilin, bay manje nan tib, ak plis ankò, si w kapab fòme yo sou travay sa yo. Asistan regilye yo pa ka fè travay sa yo.

Pandan w jwenn fleksibilite nan CDPAP w la, ou vin genyen tou responsablite w pa t ap genyen si w te resevwa swen nan men yon ajans swen adomisil tradisyonèl. Sa yo gen ladan yo rekritman, fòmasyon, orè, ak sipèvize asistan yo.

Si w santi w pa ka jere responsablite sa yo, ou ka chwazi yon moun ou konnen pou fè yo pou ou, yo rele moun sa yon reprezantan deziyen.

Tout asistan yo dwe gen 18 an pou pi piti epi yo dwe gen yon otorizasyon travay ki valab Ozetazini.

Asistan CDPAP a ka pitit ou (si l gen 18 an pou pi piti), yon lòt manm nan fanmi w, yon zanmi w, oswa yon moun ou anboche. Men moun sa yo pa kapab asistan CDPAP:

  • Mari oswa madanm ou
  • Paran w (si w se yon timoun ki poko gen 21 an)
  • Reprezantan ou deziyen an (gade definisyon pi wo a) — si w bezwen yon lòt moun pou ba w swen, moun sa a pa kapab asistan CDPAP w tou. Genyen yon Pwokirasyon pou Asistans Medikal oswa yon Pwokirasyon Notarye pa otomatikman fè yon moun vin reprezantan deziyen w.

E si mwen bezwen plis èd?

Si w santi w bezwen plis tan PCS, yon tip ekipman an patikilye, oswa nenpòt lòt bagay ki gen rapò ak bezwen swen alontèm ou yo, ou ka fè demann sa a bay Manadjè Swen w lan.

Plan an dwe voye yon avi alekri pou ou ak desizyon yo pran an. Si yo refize oswa apwouve pasyèlman demann ou an, yo rele avi sa a Premye Desizyon Defavorab (Initial Adverse Determination) oswa Avi Desizyon Kouvèti (Coverage Determination Notice).

Si w pa dakò ak desizyon plan w lan, ou ka fè yon rekou.

Manadjè Swen

Èske manm fanmi mwen bezwen ede m?

Jis paske fanmi w ba w sipò oswa ap viv avèk ou, sa pa vle di yo dwe ede w ak ADL yo.

Gen kèk moun ki ta renmen kèk nan swen yo se yon asistan ki pou ba yo l epi rès swen yo se yon manm fanmi yo ki pou ba yo l. Swen manm fanmi an ap bay yo dwe volontè. Plan w lan pa ka fòse manm fanmi an bay swen sa.

Si manm fanmi an pa kapab bay swen sa ankò pandan nenpòt moman, ou ka mande plan w lan plis asistans.

LEKSIK

  • ADL – Aktivite nan Lavi Chak jou yo. Se aktivite ou fè chak jou anndan ak alantou lakay ou.
  • CA – Randevou nan Klinik. Sa a se dezyèm pati evalyasyon NYIAP la, kote yon pwofesyonèl swen sante ap chèche konnen si w gen yon kondisyon medikal ki estab.
  • CDPAP – Pwogram Asistans Pèsonèl pou Konsomatè yo. Se yon kalite swen adomisil kote w chwazi yon zanmi w oswa yon manm fanmi w y ap peye pou vin asistan w.
  • CHA – Evalyasyon Sante Kominotè. Sa a se premye pati nan evalyasyon NYIAP la, kote yon enfimyè ap poze w kesyon sou fason w fè aktivite chak jou w yo.
  • HARP – Plan Sante ak Rekiperasyon. Sa a se yon kalite plan pou moun k ap resevwa Medicaid ki gen gwo pwoblèm sante mantal oswa itilizasyon sibstans.
  • MAP – Medicaid Advantage Plus. Sa a se yon plan sante ki gen ladan l tout sèvis Medicare ak Medicaid yo plis swen adomisil yo.
  • MLTC – Swen Kontwole Alontèm. Sa a se kalite plan pou benefisyè Medicaid ki gen Medicare tou epi ki bezwen sèvis swen alontèm yo.
  • MMC – Jesyon Swen Medicaid yo. Sa a se kalite plan pifò benefisyè Medicaid yo jwenn si yo pa gen Medicare.
  • NYIAP – Pwogram Evalyatè Endepandan nan New York. NYIAP se pwogram ki evalye moun pou chèche konnen si yo ka enskri nan MLTC oswa si yo ka jwenn swen adomisil.
  • PACE – Pwogram Swen Enklizif pou ti Granmoun yo. Sa a se yon kalite plan sante ki gen ladan tout sèvis Medicare ak Medicaid yo plis swen adomisil yo. Nan kad pwogram PACE la, w ap resevwa anpil nan swen w yo nan yon sant ki nan kominote w la.
  • PCA – Asistan Swen Pèsonèl. Sa a se moun k ap fè travay PCS la.
  • PCS – Sèvis Swen Pèsonèl. Yon sèvis kote yon moun k ap travay vin lakay ou pou ede w ak ADL ou yo.

ICAN ka ede w.

Nou kapab:

  • Reponn kesyon w yo sou Sèvis Swen Pèsonèl yo.
  • Ba w konsèy sou opsyon plan w yo.
  • Idantifye ak rezoud pwoblèm ou gen ak plan w lan.
  • Ede w konprann dwa w genyen yo.
  • Ede w depoze plent ak/oswa doleyans si w pa dakò ak yon aksyon nan yon plan.
  • Ede w jwenn rekou kont yon aksyon ou pa dakò.

ICAN peut vous aider.

Imaj ki montre diferan fason ICAN kapab ede: nan telefòn, sou papye, an pèsòn, epi nan rankont, nan bay eksplikasyon, ak nan fè tradiksyon.

Translations :

Downloads :

Sèvis Swen Pèsonèl Medicaid yo – Printable Brochure (Haitian Creole)