Search Resources:

Kisa MLTC ye? (What is MLTC? – Haitian Creole)

Atik sa a baze sou yon bwochi apwopo MLTC. Ou kapab li l sou entènèt la oubyen telechaje li nan vèsyon sa a ke ou ka enprime: Kisa MLTC ye? – Printable Brochure (Haitian Creole)

Kijan pou w itilize bwochi sila

Ou ka li bwochi sila a depi nan kòmansman ni si w pa konnen anyen sou swen kontwole alontèm.

Ou ka itilize Tabmatyè a tou pou ale dirèkteman sou kesyon w nan.

Ikòn telefònSi genyen nenpòt bagay ke w pa konprann oubyen si w vle plis enfòmasyon sou yon bagay, ou ka toujou rele ICAN nan (844) 614-8800.

Tab Matyè

Kisa MLTC ye?
Ki kalte plan MLTC ki genyen?
Ki moun ki pou antre nan yon plan MLTC?
ICAN ka ede ou.


Kisa MLTC ye?

MLTC se akwonim pou Managed Long Term Care (Swen Kontwole Alontèm).

Swen alontèm vle di sèvis ki ede w avèk aktivite ou fè toulejou. Tankou oksilyè swen adomisil, pwogram swen lajounen, ak mezon enfimri. Ou ka bezwen sèvis swen alontèm si w bezwen yon lòt moun ki pou ede w pwòpte kay ou, abiye w, oswa benyen w.

Pifò Nouyòkè ki bezwen swen alontèm resevwa l atravè Medicaid. Epi pifò moun ki gen Medicaid fèt pou resevwa swen alontèm yo atravè yon pwogram MLTC.
“M” ki nan MLTC a vle di “managed” (kontwole). “MLTC” se yon tip asirans sante ke yo rele swen kontwole. Sa vle di si pou Medicaid peye pou swen alontèm ou, ou fèt pou antre nan yon plan asirans sante konpayi prive ofri. Medicaid peye konpayi sa yo pou yo bay manm li yo swen alontèm.

Pou plan an ka peye pou swen w yo, ou sipoze konsilte founisè ki nan rezo plan an.


Asirans sante yo peye pou swen medikal tankou doktè, lopital ak medikaman yo. Men pifò asirans yo pa peye pou swen alontèm.

Imaj swen alontèm


Tout sis pwogram MLTC ke nou dekri anba a kouvri sèvis tankou swen adomisil, swen lajounen pou adilt, etablisman ki bay swen enfimri, ekipman medikal, ak sèvis transpò. Men tou, disponibilite lòt sèvis swen alontèm yo varye pami sis pwogram yo.

Lè w antre nan yon plan MLTC, w ap gen yon Responsab Swen.

Moun sa a ap vizite w omwen de (2) fwa nan yon ane epi l ap ede w resevwa swen w bezwen yo. Ou ka rele responsab swen w lan nenpòt lè ou gen yon kesyon oswa yon pwoblèm.

Imaj yon apèl telefonik avèk responsab swen an


Ki kalte plan MLTC ki genyen?

Gen sis kalte asirans sante Medicaid diferan ki gen swen alontèm. Chak kalte plan ka kouvri yon seri sèvis diferan. Men tout plan ki nan menm kategori yo dwe kouvri menm kalte sèvis. Pou konn kilès ki bon pou ou, sa pral depann de si w gen Medicare tou.

Representations of health insurance member ID cards: MMC, Medicaid MLTC, PACE, MAP, FIDA-IDD, and HARP

Si w gen Medicaid men w pa genyen Medicare

ou petèt ap resevwa asirans sante Medicaid ou a atravè yon plan Swen Jeneral Medicaid ki Kontwole (Mainstream Medicaid Managed Care plan, MMC) oswa Plan Sante ak Retablisman an (Health And Recovery Plan, HARP).

Imaj yon kat NY State Medicaid

Mainstream Medicaid Managed Care (MMC)

Imaj kat yon manm pou plan Medicaid swen kontwole tradisyonèl

Plan sa yo kouvri tout depans doktè, lopital, medikaman ak sèvis swen sante alontèm ou resevwa yo. Anjeneral ou pa bezwen yon plan MLTC apa pou resevwa sèvis swen sante alontèm.

Health And Recovery Plans, HARPs

Representation of health insurance member ID card

HARP se yon kalte Swen Alontèm ki fèt pou moun ki gen pwoblèm sante mantal oswa ki depann de sibstans. Menm jan ak plan MMC yo, HARP yo kouvri tout depans doktè, lopital, medikaman ak sèvis swen sante alontèm ou resevwa yo. Menm jan ak MMC, si w gen HARP ou pa bezwen chanje plan pou w resevwa sèvis swen sante alontèm.

Pou w apran plis konsènan HARP, li ti liv Plan Sante ak Rekiperasyon nou an, li disponib sou entènèt nan https://icannys.org/icanlibrary/harp-haitiancreole/ oswa rele 844-614-8800.

Si se sèlman Medicaid ou genyen epi w bezwen swen alontèm, rès ti liv sa pa koresponn ak ou. Rele ICAN pou w jwenn èd.

Si w gen Medicaid ak Medicare:

alèkile w ka chwazi pami kat kalte plan ki vin annapre sa yo: Medicaid MLTC, PACE, MAP, FIDA-IDD.

Imaj yon kat Idantifikasyon asirans sante MedicareImaj yon kat NY State Medicaid

Medicaid MLTC

Imaj kat Idantifikasyon manm yon plan Medicaid MLTC

Pifò moun ki gen MLTC gen kalte plan sa a, epi yo konn rele l tou “partial-capitation (kapitasyon-pasyèl) MLTC.” Yo rele li “pasyèl” poutèt se sèlman yon pati nan swen sante w li kouvri.

W ap toujou genyen Medicare ak Medicaid tradisyonèl pou doktè w, lopital ak lòt swen medikal ou yo.

Plan Medicaid MLTC kouvri sèvis swen sante alontèm sèlman ak kèk lòt sèvis. Avèk kalite plan sa a, ou dwe itilize asirans sante Medicare ou pou swen medikal ou. Ou ka kontinye ale kay menm doktè w ou ale kounyeya, paske asirans sante Medicare ou pap chanje.

Illustration showing how a Medicaid MLTC complements Medicare coverage

Men kèk nan sèvis Medicaid MLTC kouvri yo:

  • Swen adomisil (tankou swen pèsonèl, oksilyè adomisil, ak Asistans Pèsonèl ke Kliyan an Dirije)
  • Swen lajounen pou granmoun
  • Swen Enfimyè Prive
  • Fizyoterapi/Ègoterapi/Òtofoni
  • Transpò al nan randevou medikal
  • Livrezon Manje Adomisil
  • Founiti ak ekipman medikal
  • Aparèy Oditif ak Odyoloji
  • Linèt ak swen pou zye
  • Swen pou dan
  • Podoloji (swen pou pye)
  • Sejou nan enfimri pou yon ti tan

Imaj ki montre moun kap resevwa twa kalite sèvis swen alontèm diferan: terapi okipasyonèl, deplasman soti nan kabann, epi asistans pou al fè makèt

Plan ki Konplètman “Capitated”

Toule twa kalte plan sa yo bay menm sèvis Medicaid MLTC bay. Men yo gen ladan yo tou tout avantaj Medicare ou yo.

Yo rele yo dèfwa plan ki konplètman “capitated” paske yo peye yo pou yo ba w alafwa avantaj Medicare ak Medicaid yo. Avèk plan sa yo, ou pa bezwen itilize kat Medicare ou a ankò pou w ka gen swen medikal. Tout bagay pase pa plan w lan. Plan sa yo pi pratik poutèt ou gen yon sèl asirans sante pou jere.

Sepandan, ou fèt pou asire w ke doktè w la asepte asirans la anvan w antre ladann. Ou sipoze asire w ke lopital, famasi, ak founisè ke w itilize yo nan rezo plan an tou. Si founisè w la pa nan rezo plan an, asirans ou an p ap ka peye pou w wè yo.

Illustration showing representations of Medicare and Medicaid member ID cards being combined into one health plan card: PACE or MAP, above a representation of a hospital (for medical care), and a person receiving care from a home care worker in their home, with a van parked outside to provide medical transportation.


Pwogram ki Gen Tout Swen pou Moun ki Rantre nan Laj (Program of All-Inclusive Care for the Elderly, PACE)

Illustration of a member ID card for a PACE plan, and illustration showing how a PACE encompasses services in the home, services at the PACE center, and transportation in-between.

PACE konbine Medicare, Medicaid ak sèvis swen alontèm nan yon sèl plan.

Ou fèt pou gen omwen 55 an pou antre nan PACE.

Si w antre nan yon plan PACE, ou fèt pou ale nan yon sant nan katye w pou ka resevwa pifò swen ou bezwen.

Sant PACE la gen doktè ak enfimyè ki òganize swen ou, epitou li gen ladan swen lajounen pou adilt, manje ak lòt sèvis.

PACE pa disponib toupatou nan Eta a. Men se yon bon opsyon pou moun ki viv toupre yon sant PACE.

Si w pa dakò ak yon desizyon PACE ou an pran, gen de pwosesis apèl ki diferan, tou depan si sèvis la se Medicare ki kouvri l oswa si se Medicaid ki kouvri l.


Medicaid Advantage Plus (MAP)

Illustration of a member ID card for a Medicaid Advantage Plus plan, and illustration showing network of medical providers in a Medicaid Advantage plus plan.

Plan Medicaid Advantage Plus tankou yon plan Medicare Advantage* ki konbine ak yon plan MLTC. Tankou PACE, MAP gen tout ladann: Medicare, Medicaid ak sèvis swen alontèm.

Laj yo mande pou antre ladann varye selon plan an, li ka 18+ jiska 65+.

Diferans li genyen avèk PACE sèke ou pa bezwen ale nan okenn sant pou ale kay doktè w ni pou resevwa lòt swen.

Si w pa dakò ak yon desizyon plan MAP ou a, gen senpleman yon pwosesis apèl pou tout sèvis yo.

* Medicare Advantage se yon mwayen pou w gen asirans sante Medicare ou atravè yon plan swen ki kontwole an prive. Gen kèk benefisyè Medicare ki chwazi anrejistre nan plan sa yo.


Avantaj Doub Konplètman Entegre pou Moun ki gen Andikap Entelektyèl ak Devlòpmantal (Fully Integrated Duals Advantage for Individuals with Intellectual and Developmental Disabilities, FIDA -IDD)

FIDA-IDD card and team illustration

FIDA-IDD se yon plan pou moun ki gen Medicare ak Medicaid ki elijib pou yo resevwa sèvis atravè Biwo pou Moun ki Gen Andikap Devlòpmantal (Office for People With Developmental Disabilities, OPWDD).

Menm jan ak PACE ak MAP, FIDA-IDD konbine yo tout, Medicare, Medicaid ak sèvis swen sante alontèm nan yon sèl plan.

Nan FIDA-IDD, ou ap fè pati yon ekip ki ka ede w pran desizyon sou swen sante w. Tou depan de preferans pèsonèl ou, ekip sa a ka gen ladann nenpòt manm fanmi w oswa zanmi w ki ede w, doktè w, ak responsab swen w nan plan an.

Ekip sa a ede w resevwa sèvis ou bezwen yo epi l asire l ke tout konpozan swen sante w travay ansanm kòmsadwa.

FIDA-IDD kouvri lòt sèvis tou (waiver services), tankou abilite kominotè, sipò pou travay, ak swen ki dirije pa pwòp kliyan an.

FIDA-IDD disponib nan vil Nouyòk, nan Nassau, nan Rocklan, nan Suffolk ak nan Westchester sèlman.

Pou w aprann plis sou FIDA-IDD, gade ti liv nou an ki rele Yon Plan Pou Mwen: FIDA-IDD, li disponib nan https://icannys.org/icanlibrary/fida-idd-haitiancreole/ oswa rele 844-614-8800.

Pou w aprann plis konsènan kijan pou w antre nan yon MLTC, li ti liv nou an Ki jan pou m antre nan MLTC?, li disponib sou entènèt nan https://icannys.org/icanlibrary/join-haitian/, oswa rele 844-614-8800.


Ki moun ki pou antre nan yon plan MLTC?

Ou fèt pou antre nan yon plan MLTC si w reponn “Wi” a tout kesyon sa yo:

  • Èske w anrejistre nan Medicare aktyèlman?
  • Èske w anrejistre nan Medicaid aktyèlman?
  • Èske w bezwen swen sante alontèm, etablisman ki bay adilt swen sante lajounen, oswa lòt swen sante alontèm?
  • Èske w gen laj 21 an oswa plis?

Si w reponn “Wi” a tout kesyon sa yo, kidonk ou sipoze chwazi yon plan.** Ou ka chwazi yon Medicaid MLTC, PACE, oswa MAP.

Se sèlman lè w antre nan yon plan w ap elijib pou w resevwa sèvis swen alontèm.

Si w deja ap resevwa sèvis swen alontèm Medicaid, petèt yo deja chanje w vè yon plan MLTC.

Si wap aplike pou swen alontèm Medicaid, ou fèt pou chwazi yon plan MLTC infwa Medicaid apwouve w.

** Gen kèk ti esepsyon, menm si ou reponn “wi” a tout kesyon sa yo: Rele ICAN nan (844) 614-8800 pou w ka aprann plis


ICAN ka ede ou.

Nou ka:

  • Reponn kesyon w genyen konsènan plan Swen Kontwole Alontèm yo.
  • Ba w konsèy sou opsyon pou plan w yo.
  • Ede w anrejistre nan yon plan MLTC.
  • Idantifye ak rezoud pwoblèm ki lye ak plan w lan.
  • Nou ka ede w konprann dwa w yo.
  • Ede w soumèt plent ak/oswa dòleyans si w pa kontan avèk plan aksyon yon plan.
  • Nou ka ede w fè apèl poutèt yon aksyon ou pa dakò.

Rele nan 844-614-8800.

Si w soud oswa bèbè, ou ka rele 711 pou itilize sèvis Relè NY la.

Imèl ICAN@cssny.org.


ICAN ka ede ou.

Imaj ki montre diferan fason ICAN kapab ede: nan telefòn, sou papye, an pèsòn, epi nan rankont, nan bay eksplikasyon, ak nan fè tradiksyon.

Translations :

Downloads :

Kisa MLTC ye? - Printable Brochure (Haitian Creole)